Lè apot yo tande sa, yo chire rad sou yo tèlman yo fache. Yo kouri nan mitan foul la, yo pale byen fò ak yo, yo t'ap di: — Mezanmi, sa n'ap fè konsa? Nou se moun tankou nou tou: nou vin isit la anonse nou yon bòn nouvèl: Se pou nou kite tout zidòl sa yo ki pa vo anyen pou n vire bò kote Bondye ki vivan an. Se li menm ki fè syèl la, tè a, lanmè a ansanm ak tout sa ki ladan yo. Nan tan lontan, li te kite tout nasyon swiv chemen pa yo. Men, li te toujou ap fè yo konnen ki moun li ye, li te fè anpil byen pou yo: li ban nou lapli ki sòti nan syèl la ak sezon rekòt. Li ban nou manje an kantite, epi li fè kè nou kontan anpil. Menm avèk tout pawòl sa yo, se pa te ti traka anvan apot yo te resi rive anpeche moun yo touye bèt fè sakrifis pou yo.
Li Travay 14
Koute Travay 14
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Travay 14:14-18
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo