Travay 13:42-52

Travay 13:42-52 HAT98

Antan Banabas ak Pòl t'ap soti nan sinagòg la, moun yo mande yo pou yo tounen ankò saba pwochen pou pale sou menm bagay sa yo toujou. Apre reyinyon an, anpil jwif ak anpil moun lòt nasyon ki te konvèti nan relijyon jwif yo te swiv Pòl ak Banabas. Apòt yo menm te pale ak yo, yo te ankouraje yo pou yo rete fèm nan favè Bondye. Jou saba apre a, prèske tout moun nan vil la te rasanble pou tande pawòl Senyè a. Lè jwif yo wè foul moun yo, yo pran fè jalouzi: yo t'ap demanti tou sa Pòl t'ap di a, yo t'ap joure li. Men, Pòl ak Banabas di yo kareman: — Se nou menm premye moun ki pou te resevwa Pawòl Bondye a. Men, n'ap repouse l, nou pa konsidere tèt nou bon ase pou n antre nan lavi ki p'ap janm fini an. Enben, kounyeya nou pral vire bò kote moun lòt nasyon yo. Men lòd Bondye te ban nou: Mwen mete ou pou sèvi yon limyè pou lòt nasyon yo, pou ou kapab ale toupatou sou latè, moutre ki jan tout moun ka jwenn delivrans. Lè moun lòt nasyon yo tande sa, yo pat manke kontan: yo pran fè lwanj pawòl Bondye a. Tout moun Bondye te chwazi davans pou resevwa lavi ki p'ap janm fini an te kwè. Pawòl Bondye a t'ap gaye toupatou nan peyi a. Men, jwif yo moute tèt medam lasosyete ki te konvèti nan relijyon jwif yo, ansanm ak grannèg lavil yo. Yo tout yo pran pèsekite Pòl ak Banabas: yo mete yo deyò nan peyi a. Pòl ak Banabas souke pousyè pye yo sou yo, y'ale lavil Ikonyòm. Nan Antyòch menm, disip yo te kontan anpil, Sentespri te plen kè yo.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an