Travay 13:1-12

Travay 13:1-12 HAT98

Nan legliz Antyòch la te gen kèk pwofèt ak moun ki t'ap bay enstriksyon: se te Banabas, Simeon (yo te rele Ti Nwa), Lisiyis, moun Sirèn, Manayèn (ki te grandi ansanm ak Ewòd, gouvènè a), epi Sòl. Yon jou, yo t'ap fè sèvis pou Bondye, yo t'ap fè jèn, lè Sentespri di yo: — Mete Banabas ak Sòl apa pou mwen, pou yo fè travay mwen chwazi pou yo fè a. Lè sa a, yo fè jèn, yo lapriyè, yo mete men sou tèt Banabas ak Sòl, epi yo kite yo ale. Se konsa, Sentespri te voye Banabas ak Sòl nan misyon. Yo ale nan peyi Selesi. Antan yo la, yo pran yon batiman ki pral zile Chip. Lè yo rive Salamin yo tanmen anonse pawòl Bondye a nan sinagòg jwif yo. Yo te gen Jan Mak avèk yo pou ede yo. Yo travèse tout zile a nèt jouk rive Pafòs. Rive la, yo jwenn yon majisyen ki rele Bajezi. Se te yon jwif ki te pran pòz pwofèt li. Li te bon zanmi Sèjiyis Polis, chèf zile a. Sèjiyis te yon nonm lespri. Li fè rele Banabas ak Sòl paske li te vle tande pawòl Bondye. Men, Elimas (se te non majisyen an nan lang grèk) t'ap kenbe tèt ak yo. Li t'ap chache detounen gouvènè a pou l pat kwè. Men, Sòl (yo te rele Pòl tou), anba pouvwa Sentespri, fikse je l sou majisyen an, li di li: — Ou menm, ou se pitit Satan. Ou plen riz ak mechanste nan kè ou, ou pa vle wè anyen ki bon. Eske ou p'ap sispann vire travay Bondye a lanvè? Kounyeya, koute: Bondye pral mete men sou ou: ou pral vin avèg, ou p'ap wè limyè solèy pou kèk tan. Menm lè a, je Elimas vin bouche, li wè tou nwa. Li t'ap vire adwat agòch, li t'ap chache yon moun pou pran men l pou kondi li. Lè gouvènè a wè sa k te rive a, li kwè. Sa te frape l anpil lè l tande tou sa yo t'ap moutre li sou Senyè a.