Se poutèt sa, voye ou voye rele m lan, mwen pa fè ni yonn ni de, mwen vini. Kounyeya, mwen ta renmen konnen poukisa ou voye chache m lan. Kònèy di li: — Jòdi a fè kat jou, mwen te lakay mwen, mwen t'ap lapriyè vè twazè konsa nan apremidi. Mwen rete konsa, mwen wè yon nonm ki te gen yon bèl rad byen klere sou li kanpe devan mwen. Epi l di mwen: Kònèy, Bondye tande lapriyè ou, li chonje tout byen ou fè pou pòv yo. Voye yon moun lavil Jope al rele Simon ki gen ti non Pyè a. Se lakay Simon, bòs tanè ki bò lanmè a, li ye. Menm lè a, mwen voye chache ou, epi ou asepte vini. Kounyeya, men nou tout la devan Bondye, n'ap koute tou sa Bondye ba ou lòd di nou.
Li Travay 10
Koute Travay 10
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Travay 10:29-33
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo