Tankou yon bon sòlda Jezikri, asepte tout soufrans ki vin pou ou. Lè yon sòlda desèvis, li pa pral chaje tèt li ak pwoblèm lavi si li vle fè chèf li plezi. Lè yon atlèt nan yon konkou, li p'ap genyen si li pa respekte règ jwèt la. Kiltivatè ki travay di a, se li menm an premye ki pou resevwa pa l nan rekòt la. Fè tèt ou travay sou sa m ap di ou la a. Senyè a va fè ou konprann tout bagay. Toujou chonje pitit pitit David la, Jezikri, ki te leve sòti vivan nan lanmò, jan sa di nan bòn nouvèl la. Se paske m'ap anonse bòn nouvèl sa a kifè m'ap soufri konsa, kifè mwen nan prizon tankou yon malfektè. Men, pawòl Bondye a pa nan chenn. Se poutèt sa m'ap sipòte bagay sa yo pou sa ka tounen yon byen pou moun Bondye chwazi yo, pou yo menm tou yo ka delivre gremesi Jezikri, pou yo ka resevou a bèl pouvwa ki la pou tout tan an. Sa se pawòl sèten nèt: Si nou mouri avèk li, Avèk li tou, nou va viv. Si nou kenbe san lage, N'ap gouvènen ak li nan wayòm li. Si nou vire do ba li, L'ape vire do ban nou tou. Si nou pa kenbe pawòl nou, L'ap toujou kenbe pawòl li, Bondye p'ap demanti tèt li.
Li 2 Timote 2
Koute 2 Timote 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Timote 2:3-13
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo