M'ap di Bondye mèsi, Bondye zansèt mwen yo te sèvi a. Se li menm tou m'ap sèvi ak yon konsyans pwòp. Se tout tan m'ap di l mèsi lajounen kou lannwit, chak fwa lide m frape sou ou lè m'ap lapriyè. Mwen chonje jan ou te nan lapenn. Se pa ti anvi m anvi wè ou pou kè m ka kontan nèt. Mwen pa janm bliye jan ou gen konfyans nan Bondye ak tout kè ou. Lòyis, grann ou, ak Enis, manman ou, te gen konfyans konsa nan li tou. Wi, mwen sèten ou gen menm konfyans sa a tou. Se poutèt sa, m'ap mande ou pou kenbe kado Bondye te ba ou lè m te mete men sou tèt ou a. Paske, Lespri Bondye ban nou an pa fè nou wont moun. Okontrè, Lespri Bondye a ban nou fòs, renmen ak pouvwa pou kontwole tèt nou.
Li 2 Timote 1
Koute 2 Timote 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Timote 1:3-7
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo