Mwen menm, Pòl, se Bondye ki te vle chwazi m pou sèvi apòt Jezikri, pou fè konnen lavi li te pwomèt nou an, lavi li ban nou nan Jezikri a. M'ap ekri ou, Timote, pitit mwen renmen anpil la. Se pou Bondye Papa a ak Jezikri, Senyè nou, gen pitye pou ou, kè sansib ak kè poze. M'ap di Bondye mèsi, Bondye zansèt mwen yo te sèvi a. Se li menm tou m'ap sèvi ak yon konsyans pwòp. Se tout tan m'ap di l mèsi lajounen kou lannwit, chak fwa lide m frape sou ou lè m'ap lapriyè. Mwen chonje jan ou te nan lapenn. Se pa ti anvi m anvi wè ou pou kè m ka kontan nèt.
Li 2 Timote 1
Koute 2 Timote 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Timote 1:1-4
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo