Frè m yo, men sa m'ap mande nou nan non Jezikri, Senyè a: Pran distans nou ak tout frè k'ap fè parese, ki p'ap konfòme yo ak sa m te moutre nou. Nou menm, nou konnen sa pou nou fè pou nou ka swiv egzanp mwen ban nou. Mwen pat fè parese lè m te nan mitan nou. Mwen pat kite pèsonn ban m manje pou gremesi. Okontrè, mwen te travay di, mwen te fatige kò mwen anpil, lajounen kou lannwit, pou m pat sou kont nou yonn. Se pa paske mwen pat gendwa resevwa anyen nan men pèsonn ki fè m te fè sa. Non. Se paske mwen te vle ban nou yon egzanp pou nou te swiv. Nou chonje lè m te lakay nou, mwen te di nou: moun ki pa travay pa gendwa manje nonplis. M'ap pale konsa ak nou paske m pran nouvèl gen kèk moun nan mitan nou k'ap fè parese, ki pa vle fè lòt bagay pase foure bouch yo nan zafè lòt moun. Men sa m'ap voye di moun sa yo: Nan non Jezikri, Senyè a, m'ap mande nou pou nou travay nan lòd, pou nou manje swe kouray nou. Pou nou menm, frè m yo, pa janm bouke fè sa ki byen. Si yon moun pa swiv lòd mwen bay nan lèt sa a, make li. Piga pèsonn gen okenn rapò avè l, pou l sa wont. Men, se pa poutèt sa pou nou fè lènmi avè li. Okontrè, pale avè l tankou yon frè.
Li 2 Tesalonisyen 3
Koute 2 Tesalonisyen 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Tesalonisyen 3:6-15
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo