Pa kite moun woule nou okenn jan. Paske, anvan jou sa a rive, ap gen yon dènye leve kanpe jeneral k'ap fèt kont Bondye. Nou gen pou nou wè Mechanste a anpèsonn ki deja kondannen pou disparèt la vini anvan. Mechan an ap kanpe. L'ap pran pozisyon kont tout bagay lèzòm ap sèvi ak tout bagay lèzòm konsidere kòm bondye. Mechan an ap fofile toupatou, jouk l'a rive antre nan Tanp Bondye a. L'a chita, l'a fè tèt li pase pou Bondye. Nou pa chonje mwen te di nou sa lè m te lakay nou toujou? Men, gen yon bagay k'ap anpeche levènman sa yo rive kounyeya. Nou konnen kisa li ye: Se sa k fè, mechan an p'ap parèt anvan lè li. Wi, pouvwa mechan an deja ap travay anbachal. Men, anvan pou levènman sa a rive, se pou moun k'ap ba li baryè a disparèt. Lè sa a, mechan an va parèt. Senyè Jezi va soufle ak bouch li sou li, l'a touye li. L'ap annik parèt nan tout pouvwa li pou l fini nèt ak li. Mechan an va vini ak tout pouvwa Satan an. Li va fè anpil mirak, anpil mèvèy ak anpil gwo siy pou bay manti. Li va fè tout kalite bagay mal pou twonpe moun k'ap pèdi tèt yo. Y'ap pèdi tèt yo paske yo pa asepte verite ki pou ta sove yo a, yo pa renmen li. Se poutèt sa, Bondye ap voye yon pouvwa k'ap travay pou egare yo pi rèd, pou yo sa kwè nan manti. Konsa, tout moun ki p'ap kwè nan verite a, ki te pran plezi yo nan fè lenjistis, yo tout pral kondannen.
Li 2 Tesalonisyen 2
Koute 2 Tesalonisyen 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Tesalonisyen 2:3-12
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo