Paske, Bondye gen pou fè sa ki byen: Bondye va gen rezon lè la fè moun k'ap fè nou soufri yo soufri tou. Kanta pou nou menm k'ap soufri kounyeya, l'a ban nou repo ansanm avè m lè Jezi va parèt nan syèl la avèk zanj li yo ki gen pouvwa. L'a parèt nan mitan gwo flanm dife pou pini tout moun ki pa konn Bondye yo ansanm ak moun ki p'ap mache dapre bòn nouvèl ki pale sou Jezi, Senyè nou an. Chatiman moun sa yo, se disparèt y'ap disparèt yo pou tout tan. Y'ap wete yo devan Senyè a, y'ap voye yo jete byen lwen pou yo pa janm resevwa pa yo nan pouvwa Senyè a ak nan lwanj y'ap fè pou li a. Jou sa a, Senyè a va parèt pou li resevwa lwanj nan men tout moun pa li yo. Tout moun ki mete konfyans yo nan li va kontan wè li. Nou menm tou, n'a wè li, paske nou asepte mesaj mwen te fè nou konnen an. Se poutèt sa, mwen p'ap janm sispann lapriyè pou nou. M'ap mande Bondye pou l ede nou pou nou viv yon jan ki dakò ak lavi li mande nou pou nou viv la. M'ap mande l pou li ban nou pouvwa li, pou nou ka fè tout byen nou vle fè, pou nou fin reyalize nèt travay n'ap fè ak konfyans nan Bondye. Konsa, tout moun va fè lwanj non Jezi a poutèt nou. Nou menm tou, y'a fè lwanj nou poutèt li, gremesi favè Bondye nou an ansanm ak Jezikri, Senyè a, fè nou.
Li 2 Tesalonisyen 1
Koute 2 Tesalonisyen 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Tesalonisyen 1:6-12
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo