Mwen menm Pòl, ansanm ak Silven ak Timote, m'ap ekri lèt sa a voye bay manm legliz nan lavil Tesalonik k'ap viv ansanm nan Bondye, Papa a, ak Jezikri, Senyè nou an. Mwen mande pou Bondye, Papa a, ak Jezikri, Senyè nou an, ban nou benediksyon ak kè poze. Se yon devwa pou nou pa janm sispann di Bondye mèsi pou nou, frè mwen yo. Wi, se devwa nou pou nou fè li vre. Paske konfyans nou nan Bondye ap grandi anpil. Renmen nou gen yonn pou lòt la ap grandi plis toujou tou. Se sa k fè, sa fè m plezi pou m nonmen non nou nan tout legliz Bondye yo, pou jan nou gen pasyans, jan nou kenbe konfyans nou fèm nan Bondye nan mitan tout pèsekisyon ak soufrans k'ap tonbe sou nou. Sa fè moun wè se Bondye ki gen rezon lè l'ap jije. Paske, avèk tou sa n'ap sipòte kounyeya, n'ap fin bon nèt pou nou ka antre nan peyi kote Bondye wa a. Se pou peyi sa a menm n'ap soufri konsa.
Li 2 Tesalonisyen 1
Koute 2 Tesalonisyen 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Tesalonisyen 1:1-5
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo