2 Samyèl 6:13-22

2 Samyèl 6:13-22 HAT98

Lè moun ki t'ap pote Bwat Kontra Senyè a fè sis pa annavan, David fè yo rete, li touye yon gwo towo ak yon jenn chatre bèf bay Senyè a. Apre sa, David pran danse ak tout nanm li devan Senyè a. Li pat gen pase yon moso twal fen blan mare nan ren l. Se konsa, li menm ak tout pèp Izrayèl la, yo pote Bwat Kontra Senyè a lavil Jerizalèm. Yo t'ap fè fèt, yo t'ap kònen twonpèt sou tout wout la. Antan yo t'ap antre ak Bwat Kontra a nan lavil David la, Mikal, pitit fi Sayil la, te kanpe bò yon fennèt ap gade. Li wè David ki t'ap danse fè laviwonn devan Senyè a. Li vin pa gen yon san pou li ankò. Yo pote Bwat Kontra Senyè a, yo mete l nan plas li nan tant David te moute pou li a. Apre sa, David ofri bèt pou boule nèt pou Senyè a ak ofrann pou di Bondye mèsi. Lè David fin fè ofrann sa yo, li beni pèp la nan non Senyè ki gen tout pouvwa a. Li separe manje bay tout moun pèp Izrayèl yo, fanm kou gason. Li ba yo chak yon pen, yon moso vyann woti ak yon pen rezen. Lèfini, tout moun al lakay yo. Apre sa, David al lakay li pou l beni fanmi pa l tou. Men, Mikal, pitit fi Sayil la, sòti vin kontre li. Epi li di l konsa: — Ala yon bèl bagay wa pèp Izrayèl la fè pou tèt li jòdi a! Tou sa yon vakabon ta fè. Li wete rad sou li devan tout sèvant moun k'ap sèvi avè l yo! David reponn li: — Se vre. Mwen t'ap danse pou m te fè lwanj Senyè a ki te pito m pase papa ou ak tout fanmi ou. Li chwazi m, li mete m chèf pèp Izrayèl la, pèp li a. M'ap toujou ka danse devan l pou m fè lwanj li. M'ap desann tèt mwen pi ba toujou pase sa. Dapre ou, se desann m'ap desann sousi m. Men, sèvant w'ap pale yo ap toujou ka leve m anlè.