2 Samyèl 4

4
Bana ak Rekab ansasinen Ichbochèt
1Lè Ichbochèt, pitit Sayil la, pran nouvèl #Eza 13.7; Jer 6.24 jan Abnè te mouri lavil Ebwon, kè l kase nèt. Tout pèp Izrayèl la te tèt anba. 2Ichbochèt #Joz 18.25 te gen nan lame li a de chèf piyajè ki te rele Bana ak Rekab. Yo te pitit Rimon, yon nonm nan branch fanmi Benjamen an ki te rete lavil Bewòt. Yo te toujou mete nan tèt yo lavil Bewòt se pou branch fanmi Benjamen an li ye, 3depi #1 Sam 31.7 lè moun Bewòt yo te kouri kite lavil la pou y'al lavil Gitayim, kote y'ap viv jouk kounyeya.
4Jonatan, #1 Sam 29.11; 31.1,2; 2 Sam 9.3,6; 1 Kwo 8.34 pitit Sayil la, te gen yon pitit gason yo te rele Mefibochèt. Li te enfim nan tou de pye l yo. Li te gen senkan lè Sayil ak Jonatan mouri. Lè nouvèl lanmò yo rive sòti lavil Jizreyèl, nouris la pran Mefibochèt, li kouri al kache avè l. Men, pandan l'ap prese kouri a, pitit la sot tonbe nan men l. Se konsa li vin enfim nan pye.
5Rekab ak Bana, pitit gason Rimon, moun lavil Bewòt la, pati pou lakay Ichbochèt. Yo rive vè midi. Lè sa a, Ichbochèt t'ap fè yon ti dòmi pou poze kò l. 6#4.6: Dapre tèks ebre a se pou nou ta di: Mesye yo antre jouk anndan kay la ak yon chay ble, yo frape l nan vant epi Rekab chape kò l ansanm ak Bana, frè l la. Fanm ki t'ap veye bò pòt la t'ap triye ble, men li te kite dòmi pran l. Se konsa mesye yo fofile kò yo antre nan kay la. 7#2 Sam 2.29 yo rive anndan, y'al nan pyès chanm kote Ichbochèt te kouche ap dòmi an, yo touye l. Lèfini, yo koupe tèt li, yo pran l, yo pati avè l. Yo pase nwit lan ap mache nan fon Jouden an. 8Yo pote tèt Ichbochèt bay David lavil Ebwon. Yo di l konsa:
— Men tèt Ichbochèt, pitit Sayil la, moun ki pat vle wè ou la, moun ki t'ap chache touye ou la. Jòdi a Senyè a bay monwa chans pou li tire revanj sou Sayil #1 Sam 19.10,11; 23.15 ansanm ak sou rès fanmi li.
9David #Rit 3.13; 1 Wa 1.29 reponn yo:
— Anverite devan Senyè ki delivre mwen nan tout malè yo. 10Moun #2 Sam 1.4,10,15 ki te vin fè mwen konnen Sayil te mouri a te kwè se yon bon nouvèl li t'ap pote pou mwen. Mwen pran li, mwen fè touye li lavil Ziglag. Se rekonpans sa a mwen te ba li pou bon nouvèl sa a. 11Sa #Jen 9.5,6 pral pi rèd toujou pou nou, bann mechan, ki touye yon inonsan anndan lakay li, nan kabann li. Mwen pral fè nou peye pou touye nou touye l la, mwen pral fè yo disparèt nou sou latè.
12David #2 Sam 3.32 bay sòlda yo lòd epi yo touye Rekab ak Bana. Yo koupe de men ak de pye yo. Y'al pann yo bò rezèvwa dlo Ebwon an. Apre sa, yo pran tèt Ichbochèt, y'al antere l Ebwon, nan tonm Abnè a.

Chwazi Kounye ya:

2 Samyèl 4: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an