2 Samyèl 3:1-16

2 Samyèl 3:1-16 HAT98

Patizan fanmi Sayil yo ak patizan David yo pase lontan ap goumen yonn ak lòt konsa. Men, patizan David yo t'ap vin pi plis chak jou. Patizan fanmi Sayil yo menm t'ap bese. Men sis pitit gason David vin fè antan li te lavil Ebwon: Pi gran an te rele Amon. Se Akinoam, moun lavil Jizreyèl, ki te manman l. Dezyèm lan te rele Kileyab. Se Abigayel, vèv Nabal la, moun lavil Kamèl, ki te manman l. Twazyèm lan te rele Absalon. Se Maka, pitit fi Talmayi, wa lavil Gechou a, ki te manman l. Katriyèm lan te rele Adonija. Se Agit ki te manman l. Senkyèm lan te rele Chefatya. Se Abital ki te manman l. Sizyèm lan te rele Jitreyam. Se Egla, yon lòt madanm David te genyen, ki te manman l. Yo tout te fèt antan David te rete lavil Ebwon. Pandan lagè a t'ap kaye ant patizan fanmi Sayil yo ak patizan David yo, Abnè te vin gen plis pouvwa chak jou sou patizan fanmi Sayil yo. Sayil te gen yon fanm deyò yo rele Rispa. Se te pitit fi Aja. Abnè te kouche fi a. Yon jou, Ichbochèt rele Abnè epi li di li konsa: — Poukisa w'al kouche ak yonn nan fanm deyò papa m' yo? Lè Abnè tande sa, li fache anpil. Li di Ichbochèt konsa: — Eske se yon chen k'ap travay pou moun Jida yo mwen ye? Jouk jounen jòdi a mwen pa janm trayi Sayil, papa ou, ni patizan l yo, ni zanmi l yo. Mwen goumen rèd mare pou m pa kite yo tonbe nan men David. Lèfini, pou kounyeya w'ap fè m repwòch pou yon ti pachat mwen te fè ak fanm sa a! Se pou Senyè a ban m pi gwo pinisyon ki genyen si mwen pa fè pwomès Bondye te fè David la rive vre. Paske li te fè sèman l'ap wete baton kòmandman an nan fanmi Sayil la pou l mete David wa sou moun Izrayèl yo ak sou moun Jida yo, sòti depi teritwa Dann lan rive teritwa Becheba a. Ichbochèt pat ka reponn Abnè anyen sitèlman li te pè l. Abnè voye kèk mesaje bò kote David pou di li: — Ki moun ki pral gouvènen peyi sa a? Pase yon kontra avè m. M'ap ede ou pou tout moun Izrayèl yo vin jwenn ou. David reponn li: — Dakò. M'ap pase yon kontra avè ou. Men, m'ap mande yon sèl bagay. Piga ou vin wè m san ou pa mennen Mikal, pitit fi Sayil la, avè ou. Se sèl jan pou ou parèt devan m. Apre sa, David voye kèk mesaje bò kote Ichbochèt pou di li: — Renmèt mwen Mikal, madanm mwen. Mwen te bay san po ti kòk moun Filisti pou m te ka marye avè l. Ichbochèt voye pran Mikal lakay mari li, Paltyèl, pitit gason Layis la. Paltyèl pati dèyè l, li t'ap kriye sou tout wout la jouk yo rive lavil Baourim. Men Abnè di Paltyèl konsa: — Tounen lakay ou non, monchè! Epi Paltyèl tounen tounen l.