2 Samyèl 24:1-25

2 Samyèl 24:1-25 HAT98

Yon jou, Senyè a move sou pèp Izrayèl la ankò. Li fè David lakòz malè tonbe sou yo. Senyè a di David al konte konbe moun ki nan peyi Izrayèl ak nan peyi Jida. Wa a pale ak Jowab, kòmandan chèf lame a, ki te la avè li, li di li konsa: — Ale nan tout branch fanmi Izrayèl yo, depi lavil Dann nan nò jouk lavil Bètcheba nan sid. Mwen vle konnen konbe moun ki gen nan peyi a. Men, Joab di wa a: — Monwa, mwen mande Senyè a, Bondye ou la, pou li fè pèp Izrayèl la vin san fwa pi plis pase jan li ye kounyeya, lèfini pou monwa ka viv lontan pou wè sa! Men, poukisa, monwa, ou vle konte konbe moun ki nan peyi a? Men, wa a pat sòti pou li chanje lòd li te bay la. Konsa, Joab ak lòt gwo chèf lame yo te blije soumèt yo. Yo sòti devan wa a, yo pati, y'al konte konbe moun ki nan peyi Izrayèl la. Yo travèse larivyè Jouden, y'al moute kan yo lavil Awoyè, nan mitan fon an, nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Gad la. Apre sa, yo pati pou Jazè bò nan nò. Y'al lavil Galarad, yo pase lavil Kadès nan pòsyon tè ki pou moun Et yo, jouk yo rive Dann. Yo mache nan tout zòn lan, apre sa y'ale lavil Sidon sou bò lwès. Lèfini, yo desann nan direksyon sid, yo rive nan Fò Tir la, yo pase nan tout bouk moun Iva yo ak bouk moun Kanaran yo, yo rive Bècheba nan zòn Negèv nan peyi Jida a. Se konsa yo mache nan tout peyi a. Apre nèf mwa ven jou, yo tounen lavil Jerizalèm. Joab renmèt wa a rapò ki bay kantite moun antou ki te gen nan tout peyi a. Se konsa yo te jwenn witsanmil (800.000) gason ki ka fè lagè epi ki konn sèvi ak nepe nan peyi Izrayèl la ak senksanmil (500.000) nan peyi Jida a. Lè David fin fè konte konbe moun ki gen nan peyi a, konsyans li konmanse repwoche l. Li di Senyè a: — Lè m fè sa m fè a, mwen fè yon gwo peche. Tanpri, Senyè, padonnen m, se sèvitè ou mwen ye. Mwen te aji tankou moun fou. Senyè a pale ak pwofèt Gad, konseye David la, li di l konsa: — Al di David mwen ba li twa chatiman pou li menm li chwazi yonn ladan yo. Sa la chwazi a se sa m'a fè l. Nan denmen maten, antan David ap leve sot nan kabann li, Gad vin jwenn li lakay li. Li fè l konnen mesay Senyè a te ba li a. Li di l konsa: — Kisa ou vle? Sèt lanne grangou nan tout peyi a, twa mwa ap kouri devan lènmi ou, osinon twa jou epidemi nan tout peyi a. Al kalkile sou sa pou ou fè m konnen ki repons pou m pote bay moun ki voye m lan. David reponn: — Mwen nan gwo tèt chaje! Men, m pa vle tonbe anba men lèzòm menm! Pito se Senyè a menm ki pini m, paske li gen bon kè. Se konsa Senyè a voye yon epidemi sou pèp Izrayèl la, li konmanse menm jou maten sa a pou twa jou, jan l te di a. Depi lavil Dann nan nò rive lavil Bètcheba nan sid peyi a, swasanndimil (70.000) moun nan pèp Izrayèl la mouri. Lè zanj Senyè a te prèt pou lonje men l sou lavil Jerizalèm pou detwi l, Senyè a fè lide sispann chatiman an. Li di zanj ki t'ap touye moun yo: — Sispann! Kenbe men ou! Lè sa a, zanj lan te gentan toupre gwo glasi Araounak, moun lavil Jebis la. David wè zanj lan ki t'ap touye moun yo, li pale ak Senyè a, li di l konsa: — Se mwen menm ki koupab. Se mwen menm ki fè sa ki mal la. Kisa inonsan sa yo fè? Tanpri, se mwen menm ansanm ak fanmi mwen pou ou ta pini! Men, jou sa a pwofèt Gad al jwenn David, li di l konsa: — Moute lakay Araounak, moun lavil Jebis la, bati yon lotèl pou Senyè a nan mitan gwo glasi a. David koute sa Gad te di l la, li moute lakay Araounak jan Senyè a te ba li lòd la. Araounak t'ap gade, li wè wa a ki t'ap vin sou li ansanm ak chèf li yo. Li tonbe ajenou devan wa a, li bese tèt li jouk atè. Li di l konsa: — Monwa, sa ki mennen ou isit lakay mwen? David reponn li: — Mwen vin achte anplasman glasi a pou m bati yon lotèl pou Senyè a, konsa epidemi an va sispann nan peyi a. Araounak di l konsa: — Monwa, ou mèt pran l. Ofri Senyè a sa ou vle. Men bèf sa yo pou ou boule nèt tankou yon ofrann sou lotèl la. Men jouk yo ak bwa kabwa yo pou fè dife. Araounak bay wa a tout bagay sa yo. Lèfini, li di: — Mwen mande Bondye pou l asepte ofrann ou an! Men wa a reponn li, li di l: — Non. Se achte m'ap achte. Se pou m peye pou yo. Mwen p'ap pran anyen ki pa koute m lajan pou m ofri pou boule nèt pou Senyè a. Se konsa, David achte anplasman glasi a ansanm ak tout bèf yo pou senkant pyès ajan. Lèfini, li bati yon lotèl pou Senyè a, li fè ofrann pou boule nèt pou Bondye ak ofrann pou di Bondye mèsi. Senyè a tande lapriyè yo pou peyi a. Epidemi an sispann nan peyi Izrayèl la.