2 Samyèl 2

2
David wa peyi Jida a
1Apre sa, David mande Senyè a:
— Eske #Joz 14.13-15; 1 Sam 23.2 se pou m ale nan yonn nan lavil peyi Jida yo?
Senyè a reponn li:
— Wi. Se pou ou ale!
David mande l:
— Kote pou m ale?
Senyè a di l:
— Lavil Ebwon.
2Se #1 Sam 25.42,43 konsa David pran de madanm li yo, Akinoram, moun lavil Jizreyèl, ak Abigayèl, vèv Nabal, moun lavil Kamèl, li pati Ebwon. 3Li #1 Sam 27.2,3 mennen moun ki te avè l yo tou ansanm ak tout fanmi yo. Y'al rete lavil Ebwon ak nan tout ti bouk ki toupre l yo. 4Apre #1 Sam 16.13; 31.11-13; 2 Sam 5.3,5 sa, moun Jida yo rive lavil Ebwon, yo fè sèvis pou konsakre David wa peyi Jida.
David vin pran nouvèl se moun lavil Jabès yo, nan peyi Galarad, ki te antere Sayil. 5#Rit 2.20 sa a, li voye kèk mesaje di yo konsa:
— Se pou Senyè a beni nou, paske nou moutre jan nou pa janm lage Sayil, mèt nou an. Nou antere l. 6Mwen mande Senyè a pou li aji byen ak nou tou, pou li pa janm lage nou. Mwen menm pou tèt pa m, m'ap aji byen avèk nou tou poutèt sa nou fè a. 7Kounyeya, pran kouray! Mete gason nou nou! Sayil, mèt nou an, mouri. Se mwen menm moun Jida yo mete apa pou wa yo.
Ichbochèt wa peyi Izrayèl
8Abnè, #Joz 13.26; 1 Sam 14.50; 1 Kwo 8.33 pitit gason Nè a, kòmandan lame Sayil la, pran Ichbochèt, #2.8: Ichbochèt: Bon non li se Ichbaal ki vle di Nonm Baal la. Ichbochèt vle di Nonm lawont lan. Yo sèvi ak non sa a pito pou yo pa nan nonmen non bondye yon lòt nasyon. pitit gason Sayil la, li mennen l lavil Manayim, lòt bò larivyè Jouden. 9Rive la, li nonmen Ichbochèt wa peyi Galarad, peyi Asè, #2.9: peyi Asè: Se sa nou jwenn nan vèsyon grèk la, men tèks ebre a bay peyi Lasiri. peyi Jizreyèl, peyi Efrayim ak peyi Benjamen, ki vle di wa tout pèp Izrayèl la. 10Ichbochèt, pitit gason Sayil la, te gen karantan lè yo fè l wa peyi Izrayèl. Li gouvènen pandan dezan.
Men, moun branch fanmi Jida yo te kanpe avèk David. 11David #2 Sam 5.5 te wa peyi Jida a pandan setan sis mwa. Se Ebwon li te rete.
Lagè ant Jida ak Izrayèl
12Abnè leve ansanm ak moun Ichbochèt yo, yo kite lavil Manayim, y'ale lavil Gabawon. 13Joab #1 Kwo 2.16; Jer 41.12 menm, pitit gason Sewouya a, leve ansanm ak sòlda David yo, yo kite lavil Ebwon, yo pati tou. Yo kontre ak moun Abnè yo bò rezèvwa Gabawon an. De lame yo pran pozisyon, yonn chak bò rezèvwa a. 14Abnè #1 Sam 17.8,9 di Joab konsa:
— Annou chwazi kèk jenn gason pou yo goumen devan nou la a.
Joab reponn:
— Dakò!
15Se konsa, douz gason nan branch fanmi Benjamen an kanpe pou Ichbochèt yon bò, douz gason kanpe pou moun David yo lòt bò. 16Mesye yo mare goumen. Yonn pran lòt nan tèt epi yonn foure nepe nan kò lòt. Se konsa yo tout tonbe mouri ansanm. Se poutèt sa yo rele kote sa a, ki nan peyi Gabawon an, Tènepe.
17Apre sa, yon gwo batay pete. Moun David yo kraze Abnè ansanm ak moun Izrayèl yo. 18Tou #1 Sam 26.6; 2 Sam 23.24; 1 Kwo 2.16; 12.8; 27.7; Kan 2.17; Aba 3.19 twa pitit gason Sewouya yo te la. Se te Joab, Abichayi ak Asayèl. Asayèl te konn kouri, ou ta di yon ti kabrit mawon. 19Li pran kouri pye pou pye dèyè Abnè ki t'ap chache chape kò l. 20Abnè vire tèt li gade dèyè. Li di:
— Se pa ou menm sa, Asayèl?
Asayèl reponn li:
— Men wi, se mwen.
21Abnè di l konsa:
— Sispann kouri dèyè m. Pito ou kouri dèyè yonn nan sòlda yo. Lèfini, w'a pran tou sa li genyen.
Men, Asayèl pat vle sispann kouri dèyè l. 22Yon #2 Sam 3.27 dezyèm fwa Abnè di l:
— Asayèl, m di ou sispann kouri dèyè m wi! Pa fòse m touye ou! Apre sa, ki jan m'a fè pou m parèt devan Joab, frè ou la?
23Men, Asayèl pat vle sispann kouri dèyè l. Lè sa a, Abnè ba li yon kou nan vant ak pwent dèyè frenn li an. Frenn lan travèse Asayèl, li sòti nan do l. Asayèl tonbe atè, li mouri frèt. Lè tout moun rive kote li te tonbe a yo rete la.
24Men Joab ak Abichayi pran kouri pi rèd dèyè Abnè. Solèy ta pral kouche lè yo rive sou ti bit mòn Anma a, ki sou bò solèy leve lavil Giyak, sou chemen ki mennen nan dezè Gabawon an. 25Moun branch fanmi Benjamen yo sanble bò kote Anbè ankò. Yo pran pozisyon pou yo goumen sou tèt yon ti mòn. 26Abnè #2 Sam 11.25 rele Joab, li di l konsa:
— Gen lè nou p'ap janm fini ak batay sa a? Ou pa wè sa ap fini mal pou nou tou de? Se frè nou ye. Sa w'ap tann pou ou bay moun ou yo lòd pou yo sispann kouri dèyè nou?
27Joab reponn li:
— Mwen pran Bondye ki vivan an pou temwen. Si ou pat pale konsa se denmen maten moun pa m yo t'ap sispann kouri dèyè ou.
28Joab fè kònen klewon. Tout moun li yo rete sou sa yo te fè, yo sispann kouri dèyè moun Izrayèl yo. Se konsa batay la fini.
29Abnè #2 Sam 2.8 ak moun pa l yo mache nan fon Jouden an tout lannwit lan. Lèfini, yo janbe lòt bò larivyè Jouden an. Yo travèse tout zòn Bitwon an jouk yo rive lavil Manayim.
30Joab menm, lè li sispann kouri dèyè Abnè a, li sanble tout lame a. Te gen diznèf sòlda nan moun David yo ki pat reponn prezan san konte Asayèl. 31Patizan David yo te touye twasanswasant (360) nan patizan Abnè yo, tout nan branch fanmi Benjamen an. 32Joab ak moun pa l yo pran kadav Asayèl, y'al antere l nan tonm fanmi an lavil Betleyèm. Apre sa, yo pase nwit lan ap mache. Solèy t'ap leve lè yo rive Ebwon.

Chwazi Kounye ya:

2 Samyèl 2: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte