Apre sa, nonm peyi Letyopi a vin rive. Li di wa a: — Monwa, mwen gen bòn nouvèl pou ou! Jòdi a, Senyè a rann ou jistis. Li wete ou anba men tout moun ki te leve dèyè ou yo. Wa a mande li: — Ban mwen nouvèl ti Absalon non, li byen? Nonm Letyopi a reponn: — Se pou sa ki rive jenn gason sa a rive tout lènmi monwa a yo ansanm ak tout moun k'ap leve dèyè ou pou fè ou mal yo. Lè wa a pran nouvèl la, sa te twòp pou li. Li moute nan chanm li anwo sou tèt pòtay la pou l kriye. Antan li prale konsa, li t'ap rele: — Absalon! Absalon, pitit mwen! Absalon! Poukisa se pa mwen ki te mouri nan plas ou! Woy! Absalon, pitit mwen! Absalon, pitit mwen!
Li 2 Samyèl 18
Koute 2 Samyèl 18
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Samyèl 18:31-33
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo