2 Samyèl 13:1-20

2 Samyèl 13:1-20 HAT98

Men sa ki vin rive apre sa: Absalon, pitit gason David, te gen yon sè ki te bèl anpil. Li te rele Tama. Amnon, yon lòt pitit David te vin tonbe damou pou Tama. Amnon te sitèlman renmen l, li vin malad paske li pat ka fè anyen pou sa. Tama te tifi toujou. Yo pat kite l kontre ak okenn gason. Men, Amnon te gen yon zanmi, yon moun yo te rele Jonadab, pitit gason Chimeya, frè David. Jonadab sa a te mètdam anpil. Li di Amnon konsa: — Ou se pitit wa a. Chak jou mwen wè figi ou kagou. Sa ki genyen? Amnon reponn li: — Mwen renmen Tama, sè Absalon, frè menm papa avè m lan. Jonadab di li: — Pran pòz malad ou, moute kabann ou kouche. Lè papa ou va vin wè ou, w'a di l: Tanpri, kite Tama, sè m lan, vin ban m manje. Mwen ta renmen pou li pare manje a devan m pou m wè l, lèfini pou l sèvi m manje a li menm. Se konsa Amnon moute kabann li kouche, li pran pòz malad li. Wa David vin wè l. Amnon di l konsa: — Tanpri, kite Tama vin pare de ti gato la devan m lan, lèfini pou l sèvi m yo li menm. David voye komisyon bay Tama nan palè a pou l ale kay Amnon pare manje pou li. Tama ale vre kay Amnon, li jwenn li kouche sou kabann li. Li pran ti gout farin frans, li pare l, li fè kèk gato pou li devan je l. Lèfini, li mete yo kwit. Apre sa, li wete yo nan pwelon an devan Amnon. Men, Amnon refize manje. Li di l: — Fè tout moun sòti! Lè tout moun fin sòti, Amnon di Tama konsa: — Pote gato yo nan chanm lan. Se ou menm ki pou sèvi m. Tama pran gato li te fè yo, li pote yo bay Amnon nan chanm lan. Antan l'ap lonje gato a ba li, Amnon mete men sou li. Li di l konsa: — Vin kouche avè m non, sè m! Tama di l: — Non, frè m! Pa fòse m! Sa pa fèt konsa nan peyi Izrayèl! Pa fè bagay lèd sa a. Apre sa, mwen p'ap ka gade moun nan je ankò. Ou menm, pou tèt pa ou, w'ap pase pou yonn nan pi move moun nan peyi Izrayèl. Tanpri, pale ak wa a. Mwen sèten li p'ap refize ou marye avè m. Men Amon pa wè, li pa tande, li derefize lage li. Li fè vyolans sou fi a, li kouche li. Lèfini, li santi li rayi Tama pou l mouri. Li vin rayi l plis pase jan li te renmen l lan. Li di l: — Mete ou deyò lakay mwen! Tama reponn: — Aa non! Mete mwen deyò konsa menm! Sa pi mal ankò pase sa ou sot fè m' la a! Men Amnon pa te soti pou koute li. Li rele gason ki t'ap sèvi li a, li di li: — Wete fi sa a devan je mwen! Mete li deyò. Lèfini, kochte pòt la byen kochte. Gason an mete Tama deyò, epi li kochte pòt la vre. Tama te gen yon rad long ak gwo manch sou li. Se rad konsa pitit fi wa yo te konn mete sou yo lè yo poko nan lavi gason. Li simen sann dife sou tèt li, li chira rad ki te sou li a, li mete de men nan tèt, li pran rele epi l ale. Lè sa a, Absalon, frè li la, mande li: — Eske Amnon, frè ou la, fè kadejak sou ou? Tanpri sè mwen, pa kite sa fatige ou tande. Se frè ou li ye. Pa di pesonn anyen. Se konsa Tama rete poukont li kay frè li Absalon. Li te nan gwo lapenn.