David leve atè a, l'al benyen, li penyen tèt li, li chanje rad sou li. Lale nan kay Senyè a, li lapriyè. Apre sa, li tounen lakay li, li mande pou yo sèvi l manje. Li manje. Moun pa l yo t'ap di l: — Monwa, nou pa konprann sa w'ap fè konsa? Lè pitit la te vivan, ou t'ap plede kriye, ou rete san manje. Men, mouri pitit lan mouri, ou leve, ou manje. David reponn yo: — Wi, mwen t'ap kriye, mwen te rete san manje lè pitit la te vivan toujou. Mwen te kwè Senyè a ta gen pitye pou mwen, li pa ta kite pitit la mouri. Men, kounyeya, pitit la mouri, sa m bezwen rete san manje toujou fè? Eske mwen ka fè l leve ankò? Yon jou se mwen ki gen pou ale kote l ye a. Men li menm, li p'ap janm ka tounen vin jwenn mwen ankò.
Li 2 Samyèl 12
Koute 2 Samyèl 12
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Samyèl 12:20-23
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo