2 Samyèl 12:1-13

2 Samyèl 12:1-13 HAT98

Senyè a voye pwofèt Natan kote David. Natan ale kote li, li di li: — Vwala te gen de nèg ki t'ap viv nan yon vil. Yonn te rich, yonn te pòv. Nonm rich la te gen mouton ak bèf an kantite. Pòv la menm pat gen pase yon sèl ti mouton li te achte. Li swen li. Se anndan lakay li ansanm ak pitit li yo ti mouton an grandi. Se nan asyèt malere a menm ti mouton an te konn manje. Se nan gode l li bwè dlo. Se sou janm li li konn dòmi. Ti mouton an te tankou yon pitit fi pou li. Yon jou, yon vizitè vin rive lakay nonm rich la. Nonm rich la pat santi kouray li pou l te pran yonn nan mouton l yo osinon nan bèf li yo pou l fè manje bay vizitè a. Li pran ti mouton malere a, li fè manje ak li bay vizitè ki te lakay li a. David fache anpil sou nonm rich la. Li di Natan konsa: — Mwen sèmante devan Senyè ki vivan an! Nonm ki fè zak sa a, li merite mouri. Pou l peye bagay lèd li fè a, l'ap renmèt kat fwa lavalè sa l te pran an, paske li san pitye. Lè sa a, Natan di David: — Nonm sa a, se ou menm! Men mesay Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye ba ou: Mwen te fè ou wa pèp Izrayèl la. Mwen sove ou anba men Sayil. Mwen ba ou baton kòmandman ki te nan men l lan ansanm ak tout madanm li yo. Mwen mete ou wa pou gouvènen ni moun Izrayèl yo, ni moun Jida yo. Si sa pat kont toujou, mwen ta ba ou menm de fwa lavalè ankò. Poukisa atò ou pa swiv lòd mwen yo? Poukisa ou fè mechanste sa a? Ou fè yo touye Ouri nan lagè, ou kite moun Amon yo touye l. Lèfini, ou pran madanm li! Kounyeya, paske ou pat koute m, paske ou pran madanm Ouri, moun Et la, pou madanm ou, nan fanmi ou ap toujou gen goumen. Men sa mwen menm Senyè a, mwen di: M'ap fè yon moun nan fanmi ou menm sòti pou ba ou traka. M'ap wete madanm ou yo nan men ou, m'ap bay yon moun nan fanmi ou yo. L'a kouche avèk yo devan tout moun. Ou menm, ou te fè zafè ou ankachèt. Mwen menm, m'ap fè sa rive devan tout moun pou tout pèp Izrayèl la ka wè sa. David di Natan konsa: — Wi, mwen rekonèt mwen peche kont Senyè a! Lè sa a Natan di l konsa: — Bondye sèl Mèt la p'ap pini ou pou sa ou fè a, ou p'ap mouri.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an