Nan prentan apre sa, nan epòk wa yo konn sòti pou al fè lagè, David voye Joab ansanm ak tout lòt ofisye yo alatèt lame pèp Izrayèl la al goumen ak moun Amon yo. Yo ravaje peyi Amon an, yo sènen lavil Raba. David menm te rete lavil Jerizalèm. Yon jou, bò aswè, David te fin fè yon ti poze, li leve, li sòti al sou teras ki anwo palè a. Antan li la, li wè yon fanm ki t'ap benyen. Fanm lan te bèl anpi. Li voye chache konnen ki fanm sa a. Yo vin di li se Batcheba, pitit fi Eliyam, madanm Iri, moun peyi Et la. David voye moun ankachèt al pran li mennen ba li. Li kouche ak madanm lan. Lè sa a, Batcheba te fèk fin fè sèvis apre règ li. Apre sa, Batcheba tounen lakay li. Fanm lan vin ansent, epi li voye fè David konnen sa.
Li 2 Samyèl 11
Koute 2 Samyèl 11
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Samyèl 11:1-5
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo