2 Samyèl 1

1
David pran nouvèl lanmò Sayil
1Apre li te fin kraze moun Amalèk yo, David #1 Sam 30.17-20; 31.6 tounen lavil Ziklag. Lè sa a Sayil te deja mouri. David menm te lavil Ziklag depi de jou. 2Sou #Joz 7.6; 2 Sam 14.4 twazyèm jou a, yon nonm rive soti nan kan Sayil la. Rad sou li te chire, li te benyen tèt li ak pousyè tèlman li te nan gwo lapenn. Lè li rive bò kote David, li bese tèt li byen ba salye li, li lage kò li atè. 3David mande li kote li soti.
Nonm lan reponn li:
— Mwen chape soti nan kan Izrayèl la.
4David #1 Sam 4.16; 31.1,2,6; 2 Sam 4.10 di li:
— Di mwen sa ki pase non.
Nonm lan reponn:
— Pèp Izrayèl la kouri pandan batay la marye. Anpil sòlda mouri. Sayil ak Jonatan, pitit gason li a, yo mouri tou.
5David mande nonm ki te pote nouvèl la:
— Ki jan ou fè konnen Sayil ak Jonatan, pitit li a, mouri?
6Nonm #1 Sam 31.3,4 lan reponn:
— Mwen t'ap pase konsa sou mòn Gilboa a lè mwen wè Sayil apiye sou frenn li pou l pa tonbe atè. Cha lagè lènmi yo ak kavalye yo te prèt pou rive sou li. 7Lè sa a, li voye je l gade, li wè m, epi li rele m vini. Mwen reponn li: Men mwen, monwa. 8Li mande m kimoun mwen ye. Mwen reponn li se yon moun Amalèk mwen ye. 9#Jij 9.54 sa a, li mande m pou m pwoche bò kote l pou m touye l, paske li te santi tèt li ap vire, atout li te gen tout konesans li sou li. 10Se konsa, mwen pwoche bò kote l, mwen touye l paske mwen te konnen tonbe li te tonbe li t'ap toujou mouri. Apre sa, mwen pran kouwòn ki te sou tèt li ak brasle ki te nan ponyèt li, mwen pote yo ba ou, mèt.
11Lapenn #Joz 7.6; 2 Sam 3.31; 13.31; Jòb 1.20 fè David chire rad sou li. Tout moun ki te la ak li yo fè menm bagay la tou. 12Yo #1 Sam 31.13; 2 Sam 3.35 kriye, yo pran gwo lapenn pou Sayil, pou Jonatan, pitit li a, pou lame Senyè a ak pou pèp Izrayèl la, paske te gen anpil ladan yo ki te mouri nan lagè a. Yo rete san manje jouk aswè. 13Apre sa, David mande jenn gason ki te pote nouvèl la:
— Ki moun ou ye?
Jenn gason an reponn:
— Mwen se pitit yonn nan moun Amalèk ki vin rete nan peyi a.
14David #1 Sam 12.3; 24.6; 26.9; 31.4 di li konsa:
— Bon! Kijan ou fè pa tranble leve men ou touye wa Bondye chwazi a?
15David #2 Sam 4.10 rele yonn nan moun li yo. Li di l konsa:
— Vini non! Touye mesye.
Nonm lan bay moun Amalèk la yon sèl kou, li touye l frèt. 16David #Joz 2.19; 2 Sam 3.29; 1 Wa 2.37; Mat 27.25; Lik 19.22 menm te di moun Amalèk la:
— Se ou menm ki reskonsab sa ki rive ou la a. Se ou menm ki kondannen tèt ou lè ou di ak bouch ou se ou menm ki touye wa Bondye te chwazi a.
David plenn lanmò Sayil ak Jonatan
17David #2 Sam 3.33; 2 Kwo 35.25 pran chante pou plenn lanmò Sayil ak Jonatan, pitit Sayil la. 18Li #Joz 10.13 bay lòd pou yo moutre chante a bay tout moun Jida yo. #1.18: bay tout moun Jida yo: Se sa nou jwenn nan vèsyon grèk la, men tèks ebre a menm bay Se chante banza yo. Se chante banza yo. Yo jwenn li ekri nan Liv Moun ki mache dwat la.
19O Izrayèl, tout gwo chèf ou yo mouri sou mòn yo.
Yo desann tout vanyan sòlda ou yo.
20Pa #Egz 15.20; Jij 11.34; 14.3; 16.23,24; 1 Sam 31.9; Mi 1.10 kite nouvèl la rive nan lavil Gad.
Pa gaye nouvèl la nan lavil Askalon,
pou medam peyi Filisti yo pa fè fèt,
pou pitit fi moun sa yo ki pa sèvi Bondye pèp Izrayèl la pa leve danse.
21Nou #1 Sam 31.1; Eza 21.5 menm mòn Giboa yo,
se pou nou rete san yon grenn lapli, san yon degout lawouze.
Piga jaden janm pouse sou flan mòn nou yo!
Paske se la yo trennen nan labou plak fè pwotèj sòlda yo,
plak fè pwotèj wa Sayil la ki p'ap janm fwote ak lwil ankò.
22Jonatan #1 Sam 18.4 pat janm fè bak toutotan li pa tranpe flèch li yo nan san lènmi l yo.
Sayil pat janm tounen toutotan li pat plonje nepe l nan vant vanyan sòlda lènmi l yo.
23Sayil #Jer 4.13; Aba 1.8 ak Jonatan, yonn te renmen lòt!
Toujou ansanm nan lavi,
ansanm ansanm tou nan lanmò!
Pi veyatif pase malfini,
pi vanyan pase lyon.
24Medam #Eze 16.11 Izrayèl yo, rele pou Sayil!
Li te konn ban nou bèl rad koulè vyolèt, Bagay ki koute chè,
ak bèl bijou lò, pou mete sou nou.
25Vanyan sòlda yo mouri nan lagè!
Jonatan mouri, Li blayi atè a sou ti mòn yo!
26Mwen #1 Sam 18.1,3 gen gwo lapenn pou ou, Jonatan, frè mwen.
Jan mwen te renmen ou sa a!
Jan ou menm ou te renmen m, se pa pale.
Zanmitay sa a te pi bon pou mwen lontan
pase renmen okenn fanm ta ka gen pou mwen!
27Vanyan #2 Sam 1.19 sòlda yo mouri!
Tout zam lagè yo pa vo anyen kounyeya!

Chwazi Kounye ya:

2 Samyèl 1: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an