2 Pyè 1:9-21

2 Pyè 1:9-21 HAT98

Men, moun ki pa gen bagay sa yo nan yo, y'ap tankou yon avèg ki pa wè lwen, yo bliye jan Bondye te netwaye yo anba vye peche yo. Se poutèt sa, frè m yo, se pou nou fè jefò plis toujou pou nou rete fèm nan pozisyon kote Bondye mete nou an, li menm ki rele nou, ki chwazi nou. Si nou fè sa, nou p'ap janm tonbe. Konsa, l'a ban nou dwa antre lib nan peyi kote Jezikri, Senyè nou ak Sovè nou an, ap gouvènen tankou wa pou tout tan an. Se poutèt sa, nou te mèt konnen bagay sa yo deja, nou te mèt kanpe fèm nan verite nou resevwa a, mwen p'ap janm manke fè nou chonje bagay sa yo. Wi, toutotan mwen poko mouri, mwen kwè se yon devwa pou m fè nou chonje bagay sa yo pou dòmi pa pran nou. Paske, mwen konnen mwen pa lwen mouri. Se Senyè a menm ki fè m konn sa. Men, m'ap fè tout posib mwen pou nou pa janm bliye bagay sa yo lè m fin ale. Paske, lè m t'ap fè nou konnen jan Jezikri, Senyè nou an, te vini avèk pouvwa li, se pat istwa moun envante nan tèt yo mwen t'ap rakonte nou. Men, se paske mwen menm, mwen te wè Senyè a nan tout pouvwa li ak je pa mwen. Mwen te la lè Bondye Papa a te ba li respè ak lwanj, lè nan mitan tout pouvwa a, vwa Bondye te pale, li di konsa: Ou se pitit mwen renmen anpil la, ou fè kè m kontan anpil. Nou te tande vwa ki te sòti nan syèl la, lè nou te la ansanm avè l sou mòn kote Bondye te pale ak nou an. Se poutèt sa, mwen pran pawòl pwofèt yo pou pawòl ki sèten nèt. Nou menm tou, nou byen fèt lè nou pran pawòl sa yo ak gwo konsiderasyon, tankou yon lanp k'ap klere nan fènwa jouk jou a parèt nèt, jouk zetwal bajou kase leve nan kè nou. Men, anvan tout bagay, se pou nou konn sa byen: pèsonn pa gendwa pran mesay pwofèt ki ekri nan Liv la pou li ba li sans li vle. Paske, pwofèt yo pat janm bay mesay paske yo menm yo te vle. Okontrè, se Sentespri ki te pouse yo lè yo t'ap bay mesay ki sòti nan Bondye.