2 Wa 5:1-15

2 Wa 5:1-15 HAT98

Naaman, kòmandan lame wa peyi Siri a, te yon nonm wa a te renmen anpil. Li te ba li anpil favè paske se gremesi Naaman Senyè a te fè peyi Siri a genyen nan tout batay li yo. Se te yon vanyan sòlda, men li trape yon move maladi po. Yon lè yon bann moun peyi Siri te al fè piyay nan peyi Izrayèl la, yo te fè yon tifi moun Izrayèl yo prizonye. Tifi a te rete ak madanm Naaman. Yon jou, li di metrès li a: — Si mèt mwen te ka al wè pwofèt ki nan peyi Samari a, pwofèt la ta ka geri maladi a wi. Lè Naaman tande sa, l'al jwenn wa a, li di l sa tifi a te di. Wa Siri a reponn: — Bon, ou pral jwenn wa peyi Izrayèl la, m'ap ba ou yon lèt pou li. Se konsa Naaman pati. Li te pote trantmil (30.000) pyès ajan, simil (6.000) pyès lò ak dis rad nèf fèt ak bon twal fen. Li renmèt lèt la bay wa peyi Izrayèl la. Men sa ki te ekri nan lèt la: Mwen voye Naaman, yonn nan chèf mwen yo, avèk lèt sa a pou ou ka geri maladi po l la. Lè wa peyi Izrayèl la li lèt la, li vin gen yon sèl kè sere ki fè li chire rad sou li, epi li di: — Eske se Bondye ki bay lavi ki bay lanmò mwen ye pou msye voye yon moun malad pou m'geri? Nou tou wè se chache l'ap chache mwen kont. Lè pwofèt Elize vin konnen jan wa a te nan tèt chaje pou lèt la, li voye di l: — Poukisa ou gen kè sere konsa? Voye moun lan ban mwen, m'a fè l konnen gen yon pwofèt nan peyi Izrayèl la. Se konsa Naaman ale ak cha li a ansanm ak chwal li yo. Li rete devan pòt kay Elize a. Men Elize voye yon mesaje di li: — Ale plonje ou sèt fwa nan larivyè Jouden an, epi maladi a va disparèt sou kò ou. W'a geri. Naaman fache, li vire do l ale. Li di: — Mwen te kwè li t'ap sòti vin resevwa m. Apre sa, li ta lapriyè Senyè a, Bondye l la. Li ta pase men l kote ki malad la, konsa mwen ta geri. Lèfini, eske dlo larivyè Abana ak larivyè Fafa nan peyi Damas yo pa pi bon pase nenpòt dlo larivyè nan peyi Izrayèl yo? Mwen ta ka benyen ladan yo tou, mwen ta geri. Li vire do l ale byen move. Men domestik li yo al jwenn li epi yo di li: — Mèt! Si pwofèt la te mande ou yon bagay difisil, eske ou pa ta fè li? Poukisa ou pa al lage kò ou nan dlo a koulyeya pou ka geri jan li di ou la? Naaman ale, li plonje sèt fwa nan larivyè Jouden an, jan pwofèt la te di l la. Po kò l tounen tankou po timoun. Li te geri nèt. Lè sa a li tounen bò kote sèvitè Bondye a ansanm ak tout moun ki te avè l yo. Li kanpe devan l, li di l konsa: — Kounyeya, mwen konnen pa gen Bondye lòt kote sou latè pase nan peyi Izrayèl la. Tanpri, resevwa kado m'ap ba ou la a.