2 Korent 9:1-8

2 Korent 9:1-8 HAT98

Mwen pa wè rezon pou m voye di nou anyen sou kèsyon sekou n'ap voye bay manm pèp Bondye ki nan peyi Jide a. Mwen konnen jan nou vle ede, mwen pat manke kontan pale byen pou nou ak moun Masedouàn yo lè m te di yo: Depi lanne pase anwo, frè ki nan peyi Lakayi yo pare pou ede. Se konsa lanpresman nou pou bay te eksite anpil ladan yo bay tou. Malgre sa, m'ap voye frè sa yo bò kote nou pou bèl pawòl mwen te di pou nou sou zafè sekou sa a pa pase pou manti. Mwen ta renmen wè nou pare vre, jan mwen te di l la. Ala wont mwen ta wont si, pou lè moun peyi Masedouàn yo ta vin ansanm avè m, yo ta jwenn nou pa pare! Jan m te konte sou nou sa! Mwen pa bezwen pale jan nou menm tou nou ta wont! Se sa k fè, mwen kwè se te nesesè pou m te mande frè sa yo pou y'al lakay nou anvan mwen, pou nou ka pare kado nou te pwomèt nou t'ap bay la. Konsa, lè m'a rive mwen menm, kado a va tou pare. Lè sa a, moun yo va wè nou bay paske nou vle, pa paske yo fòse nou. Chonje sa byen: Moun ki simen ti kras va rekòlte ti kras. Moun ki simen anpil va rekòlte anpil. Se pou chak moun bay jan yo te deside nan kè yo, san yo pa regrèt anyen, san moun pa bezwen fòse yo, paske Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan. Bondye menm gen pouvwa pou l ban nou tout kalite benediksyon an kantite. Li fè sa, pa sèlman pou nou ka toujou genyen tou sa nou bezwen, men pou nou ka gen rès ki rete pou n fè tout kalite bon zèv.