Frè m yo, mwen ta renmen nou konnen ki jan Bondye te fè wè favè l nan legliz ki nan peyi Masedouàn yo. Patizan Kris yo te pase anba anpil eprèv avèk tout soufrans ki te tonbe sou yo. Men, yo te sitèlman kontan, yo te moutre jan yo ka bay ak tout kè yo, malgre yo te nan nesesite. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yo bay sa yo te kapab, yo menm bay pase sa yo te kapab. San moun pa fòse yo, se yo menm menm ki mande, se yo menm menm ki plede ak nou pou nou ba yo privilèj patisipe nan sekou n'ap voye pou manm pèp Bondye nan peyi Jide a. Sa depase sa nou te kwè a anpil: yo ofri tèt yo bay Senyè a anvan. Apre sa, yo ofri tèt yo ban nou jan Bondye vle l la. Se konsa, mwen mande Tit pou l'al lakay nou pou l ka kontinye travay li te konmanse a, pou nou ka bay sa nou gen pou n bay la ak tout kè nou. Wi, nou rich sou tout pwen, kit se nan lafwa, kit se nan konn pale byen, kit se nan konesans verite a, kit se nan aktivite nou pou Bondye, kit se nan renmen nou gen pou mwen. Se poutèt sa mwen ta renmen wè nou bay ak tout kè nou pou zèv sa a tankou moun ki rich.
Li 2 Korent 8
Koute 2 Korent 8
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Korent 8:1-7
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo