2 Korent 8:1-15

2 Korent 8:1-15 HAT98

Frè m yo, mwen ta renmen nou konnen ki jan Bondye te fè wè favè l nan legliz ki nan peyi Masedouàn yo. Patizan Kris yo te pase anba anpil eprèv avèk tout soufrans ki te tonbe sou yo. Men, yo te sitèlman kontan, yo te moutre jan yo ka bay ak tout kè yo, malgre yo te nan nesesite. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yo bay sa yo te kapab, yo menm bay pase sa yo te kapab. San moun pa fòse yo, se yo menm menm ki mande, se yo menm menm ki plede ak nou pou nou ba yo privilèj patisipe nan sekou n'ap voye pou manm pèp Bondye nan peyi Jide a. Sa depase sa nou te kwè a anpil: yo ofri tèt yo bay Senyè a anvan. Apre sa, yo ofri tèt yo ban nou jan Bondye vle l la. Se konsa, mwen mande Tit pou l'al lakay nou pou l ka kontinye travay li te konmanse a, pou nou ka bay sa nou gen pou n bay la ak tout kè nou. Wi, nou rich sou tout pwen, kit se nan lafwa, kit se nan konn pale byen, kit se nan konesans verite a, kit se nan aktivite nou pou Bondye, kit se nan renmen nou gen pou mwen. Se poutèt sa mwen ta renmen wè nou bay ak tout kè nou pou zèv sa a tankou moun ki rich. Se pa yon lòd m'ap ban nou: Men, mwen pran egzanp sou lòt yo pou nou menm tou nou ka moutre jan nou gen renmen tout bon nan kè nou. Nou konnen ki favè Jezikri, Senyè a, fè nou. Li menm ki te rich, li fè tèt li tounen pòv pou nou. Konsa, lè l fè tèt li tounen pòv la, li fè nou rich. Men lide mwen fè sou kèsyon sa a. Depi lanne pase anwo, se nou menm an premye ki te fè lide ede frè yo. Se nou menm an premye ki te konmanse ranmase lajan pou sa. Kounyeya, se pou n kontinye fin fè jès la nèt. Menm jan nou te mete tout kè nou lè nou t'ap pran desizyon fè l la, mete tout kè nou pou nou fini ak sa, dapre mwayen nou. Paske si nou mete tout kè nou pou nou bay, Bondye ap asepte kado nou bay la. L'ap gade sou sa nou genyen, li p'ap gade sou sa nou pa genyen. Sa pa vle di se pou nou mete tèt nou nan lamizè lè n'ap soulaje lòt moun. Men, se pou tout moun menm jan. Si kounyeya nou gen anpil, se pou n ede sa ki nan nesesite yo. Si yon jou pita nou vin nan nesesite, epi yo menm yo gen anpil, lè sa a y'a kapab ede nou tou. Konsa tout moun va menm jan, dapre sa ki te ekri nan Liv la: Moun ki te ranmase plis yo pat gen twòp. Moun ki te ranmase pi piti yo pat manke anyen.