2 Korent 5:14-21

2 Korent 5:14-21 HAT98

Paske, se kalite renmen Kris la gen pou nou an k'ap dirije m: mwen gen konviksyon sa a, si yon sèl moun te mouri pou tout lòt yo, sa vle di tout lòt yo mouri ansanm avè li. Li mouri pou tout moun. Konsa, moun k'ap viv yo p'ap viv pou tèt pa yo ankò, men y'ap viv pou moun ki te mouri epi ki te leve sòti vivan nan lanmò pou yo a. Se poutèt sa, depi kounyeya, mwen pa konsidere pèsonn sou laparans, tankou lèzòm fè l la. Si yon lè mwen te konsidere Kris la sou laparans tankou lèzòm fè l la, kounyeya mwen pa konnen l nan jan sa a ankò. Si yon moun ap viv nan Kris la, li vin yon lòt moun. Bagay lontan yo disparèt, se lòt bagay nèf ki pran plas yo kounyeya. Tou sa sòti nan Bondye ki fè nou vin zanmi avè l ankò, gremesi Kris la. Se li menm tou ki fè m konfyans, ki ban m travay sa a pou mennen lèzòm vini byen avè l ankò. Paske nan Kris la, Bondye t'ap fè tou sa li te kapab pou fè moun vin byen avè l ankò. Li pat gade sou peche lèzòm te fè. Se li menm ki mete mwen la pou fè lèzòm konnen ki jan l'ap fè yo byen avè l ankò. Se sa k fè mwen pale nan non Kris la menm ki te voye m, tankou si se Bondye menm k'ap pale nan bouch mwen pou di nou: tanpri, nan non Kris la, tounen vin byen ak Bondye ankò. Kris la pat janm fè okenn peche, men Bondye fè l pran sò nou sou li, yo trete l tankou yon moun ki fè peche. Konsa, lè nou fè yon sèl kò ak Kris la, Bondye fè nou gras.