Eske yo se moun k'ap sèvi Kris la? (Map pale kounyeya tankou moun ki deraye nèt.) Mwen sèvi Kris la plis pase yo: mwen travay pase yo, yo mete m nan prizon pi plis pase yo, yo bat mwen pi plis pase yo, mwen manke mouri pi souvan pase yo. An senk fwa, jwif yo ban m trant nèf kout fwèt. An twa fwa, women yo bat mwen. Yon fwa yo kalonnen m wòch pou yo te touye mwen. Batiman koule avè m twa fwa. Yon fwa menm mwen pase yon jou ak yon nwit nan dlo. Anpil fwa menm, nan vwayaje konsa, dlo manke pote m' ale. Ansasen te manke touye mwen, jwif yo te mete lavi m' andanje, ata moun lòt nasyon yo t'ap chache touye m' tou. Mwen te andanje ni lavil ni andeyò ni sou lanmè. Ata swadizan frè yo te manke touye mwen tou. Mwen redi travay di, mwen fatige kò m anpil, mwen pase anpil nwit san dòmi, mwen konnen sa ki rele grangou ak swaf dlo. Anpil fwa mwen te blije rete san manje, mwen soufri fredi, mwen konn pa gen rad pou m mete sou mwen. San konte anpil lòt bagay ankò, chak jou se tèt chaje pou mwen ak bagay mwen gen pou m regle pou tout legliz yo.
Li 2 Korent 11
Koute 2 Korent 11
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Korent 11:23-28
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo