2 Korent 1:3-11

2 Korent 1:3-11 HAT98

Ann fè lwanj Bondye ki papa Jezikri, Senyè nou an, Papa ki gen kè sansib la, Bondye ki toujou la pou ban nou ankourajman an. Li ankouraje nou nan tout lapenn nou, konsa nou menm tou nou ka ankouraje moun ki nan tout kalite lapenn lè n'a ba yo menm ankourajman nou te resevwa nan men li an. Menm jan nou soufri ak Kris la nan tout soufrans li yo, konsa tou, gremesi Kris la, nou resevwa yon gwo ankourajman. Si mwen menm mwen nan lapenn, se pou nou menm, moun Korent yo, nou ka resevwa ankourajman pou nou ka delivre. Si mwen menm mwen resevwa ankourajman, se pou nou menm nou ka ankouraje, pou nou ka resevwa fòs kouray pou sipòte avèk pasyans soufrans mwen menm m'ap sipòte a. Se konsa, mwen gen fèm espwa sa a pou nou, moun Korent, paske mwen konn sa byen, menm jan nou soufri ansanm avè m nan tout lapenn mwen yo, konsa tou n'a resevwa pa nou nan ankourajman Bondye ap ban mwen an. Mwen ta renmen, frè m yo, nou konnen anba ki kalite soufrans mwen te ye nan pwovens Lazi a. Sa te rèd nèt. Mwen pat kapab sipòte ankò. Mwen te menm kwè mwen pa t'ap sòti vivan. Mwen te santi jou lanmò nou te rive. Tou sa te pase, pou nou te aprann pa konte sou pwòp fòs nou, men pou konfyans nou te chita sou Bondye ki gen pouvwa resisite moun mouri. Se li menm ki delivre m anba tout gwo danje lanmò sa yo. Se li menm k'ap toujou la pou delivre m. Wi, mwen gen espwa l'ap toujou delivre mwen, depi nou menm moun Korent nou ban m ankourajman, nou lapriyè pou mwen. Se konsa Bondye va tande tout lapriyè sa yo n'ap fè pou mwen, l'a ban mwen benediksyon l, anpil moun va di l mèsi pou mwen.

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak 2 Korent 1:3-11

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an