Mwen menm Pòl, yon moun Bondye te deside rele pou sèvi li apot Jezikri, m'ap ekri nou, mwen menm ak Timote, nou tout ki nan legliz Bondye a nan lavil Korent ansanm ak tout pèp Bondye a ki nan peyi Lakayi. Nou mande Bondye, papa nou, ansanm ak Jezikri, Senyè nou an, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze. Ann fè lwanj Bondye ki papa Jezikri, Senyè nou an, Papa ki gen kè sansib la, Bondye ki toujou la pou ban nou ankourajman an. Li ankouraje nou nan tout lapenn nou, konsa nou menm tou nou ka ankouraje moun ki nan tout kalite lapenn lè n'a ba yo menm ankourajman nou te resevwa nan men li an.
Li 2 Korent 1
Koute 2 Korent 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Korent 1:1-4
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo