Lè wa Salomon fin bati Tanp Senyè a ansanm ak palè wa a, lè li fin fè tou sa li te gen lide fè nan yo, Senyè a fè Salomon wè l ankò yon jou lannwit. Li di l konsa: — Mwen tande lapriyè ou fè nan pye m. M chwazi kay sa a pou sèvi kote pou yo vin touye bèt pou mwen. Si mwen ta rive fèmen syèl la pou lapli pa tonbe, si mwen ta voye krikèt pou devore peyi a, si mwen ta voye move maladi sou pèp la, lè sa a si pèp ki pote non m lan lapriyè nan pye m, si yo soumèt devan mwen, si yo pran chache m ankò, si yo vire do bay vye peche yo t'ap fè yo, m'ap tande yo nan syèl kote m ye a, m'ap padonnen peche yo, m'ap fè peyi a kanpe ankò. Depi jòdi a, je m louvri, zòrèy mwen pare pou m tande tout lapriyè y'ap fè isit la. Depi jòdi a, mwen chwazi kay sa a, mwen mete l apa pou mwen. Se la pou yo fè sèvis pou mwen. M'ap veye l, m'ap pwoteje l chak jou.
Li 2 Kwonik 7
Koute 2 Kwonik 7
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Kwonik 7:11-16
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo