2 Kwonik 19

19
Pwofèt Jeou fè wa Jozafa repwòch
1Jozafa li menm, wa peyi Jida a, tounen lakay li lavil Jerizalèm san anyen pa rive l. 2Yon #2 Kwo 16.7; 18.1-3; 20.34,37; Sòm 139.21,22 pwofèt yo te rele Jeou, pitit gason Anani an, vin kontre wa a, li di l konsa:
— Ki jan ou fè al ede moun k'ap fè mal? Ki jan ou rive fè zanmi ak moun ki pa vle wè Senyè a? Se poutèt sa, Senyè a fache sou ou anpil. 3Men #1 Wa 14.13; 2 Kwo 17.6; Esd 7.10 malgre sa, ou fè kèk bagay ki bon. Ou te kraze tout pòtre Achera, bondye fanm, ki te nan peyi a. Lèfini ou te chache fè volonte Bondye.
Jozafa reoganize peyi a
4Jozafa te rete lavil Jerizalèm. Men, li pran vizite pèp la nan tout peyi a ankò, depi lavil Bècheba nan sid, rive jouk nan mòn Efrayim yo nan nò, pou l te fè pèp la tounen vin jwenn Senyè a, Bondye zansèt yo a. 5Li #Det 16.18 mete jij nan chak lavil ak ranpa peyi Jida a, yonn apre lòt. 6Li #Det 1.17 di jij yo:
— Kalkile byen travay nou pral fè a, paske nou pa pral jije nan non yon moun, men nan non Senyè a. L'ap kanpe la bò kote nou lè n'ap rann jijman. 7Se #Jen 18.25; Det 10.17; 32.4; Jòb 8.3; 34.10; Tra 10.34; Wòm 2.11; 9.14; 1 Pyè 1.17 pou nou gen krentif pou Senyè a. Veye zo nou nan tou sa n'ap fè, paske Senyè a, Bondye nou an, pa tolere lenjistis ak patipri. Li pa nan pran kado nan men moun pou fè pa yo.
8Nan #Esd 7.25 Jerizalèm menm, Jozafa chwazi kèk moun Levi, prèt ak chèf fanmi, li mete pou jije tout ka ki gen rapò ak lalwa Bondye a, tout pwose moun Jerizalèm yo gen yonn ak lòt. 9Li #2 Sam 23.3; 1 Wa 8.61 ba yo lòd, li di yo:
— Se pou nou fè travay nou ak krentif pou Bondye. Se pou nou swiv lòd li nan tou sa n'ap fè. 10Chak fwa frè nou yo ki rete nan lòt lavil yo vin pote yon ka devan nou, kit se pou yon moun yo touye, kit se pou yon lwa, yon lòd, yon regleman osinon yon prensip yo dezobeyi, se pou nou pale ak yo pou yo pa fè anyen ki mal devan Senyè a. Si nou pa fè sa, Senyè a ap move ni sou nou ni sou moun nou yo. Si nou fè sa nou dwe fè, nou p'ap koupab nou menm. 11Amarya, #1 Kwo 6.11 granprèt la, va pi gwo jij pou tout ka ki an rapò ak lalwa Bondye a. Zebadya, pitit Izmayèl la, chèf branch fanmi Jida a, va pi gwo jij pou tou sa ki an rapò ak lalwa peyi a. Se va reskonsabilite moun Levi yo pou yo fè respekte tout desizyon n'a pran. Mete gason sou nou. Fe travay nou. Se pou Senyè a toujou kanpe la ak moun ki mache dwat yo.

Chwazi Kounye ya:

2 Kwonik 19: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte