O Senyè, Bondye, kenbe pwomès ou te fè papa m lan! Ou mete m wa pou m gouvènen yon pèp ki gen anpil anpil moun ladan l. Yo pi plis pase grenn pousyè tè. Se poutèt sa, ban mwen konesans ak bon konprann pou m ka gouvènen pèp sa a. Si se pa sa, mwen pa wè ki jan m'a fè pou m gouvènen pèp ou a ak tout moun sa yo ladan l. Bondye reponn Salomon: — Depi se sa ou wè ou ta renmen genyen! Ou pa mande m ni richès, ni byen, ni lwanj pou ou. Ou pa mande m lanmò pou lènmi ou yo, ni ou pa mande m pou ou sa viv lontan. Ou annik mande m konesans ak bon konprann pou ou ka kondi pèp mwen an, pèp mwen mete ou gouvènen an.
Li 2 Kwonik 1
Koute 2 Kwonik 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Kwonik 1:9-11
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo