1 Timote 3

3
Moun k'ap dirije legliz
1Sa se yon pawòl kach: Si yon moun #Tra 20.28 dèyè dirije legliz, li dèyè yon bèl travay. 2Pou #Tit 1.6,7 yon moun chèf nan legliz, se pou l san repwòch. Se pou l gen yon sèl madanm. #3.2: Se pou l gen yon sèl madanm: ou ankò Se pou l marye yon sèl fwa. Se pou l yon nonm serye, ki konn kenbe tèt li anplas, ki gen lòd. Se pou l konn resevwa moun lakay li. Se pou l konn ki jan pou l moutre moun verite a. 3Li pa dwe fèb pou alkòl, ni renmen vyolans. Okontrè, se pou li renmen kalme, renmen mete lapè. Li pa fèt pou li wè nan lajan. 4Se #1 Sam 2.12 pou l konn mennen kay li byen, fè timoun li yo obeyi l ak respè. 5Paske, si yon nonm pa konn dirije pwòp fanmi l, kouman li ka dirije legliz Bondye a? 6Fòk li pa yon nonm ki fenk konvèti. Si pa sa, lògèy ka moute l nan tèt, la tonbe anba men m kondannasyon ak Satan. 7Fòk #1 Tim 5.10; 2 Kor 8.21; 1 Kor 5.12,13 menm moun deyò pale byen pou li dekwa pou yo pa pase li nan betiz epi pou li pa tonbe anba pèlen satan.
Moun k'ap ede nan legliz
8Konsa #Fil 1.1; Tra 6.3 tou, pou dyak yo, fòk se moun ki respektab, ki gen yon sèl pawòl, ki pa bwè depase mezi, ki p'ap kouri dèyè move lajan. 9Se pou yo kenbe verite Bondye fè nou konnen an ak konsyans yo pwòp. 10Se pou nou sonde yo anvan. Si apre sa, nou pa jwenn anyen pou repwoche yo, yo ka sèvi dyak. 11Se #Tit 2.3 pou madanm yo moun ki respektab, ki pa nan tripotaj: se pou yo konn kontwole tèt yo, pou yo seryèz nan tout bagay. 12Yon dyak fèt pou l gen yon sèl madanm, #3.12: pou l gen yon sèl madanm: ou ankò pou l marye yon sèl fwa. se pou l konn dirije pitit li yo ak tout kay li byen. 13Paske, dyak ki fè travay yo byen, y'a rive jwenn yon bon pozisyon pou tèt yo, y'a gen plis konfyans pou yo ka pale verite nou jwenn nan Jezikri a.
Sekrè relijyon nou an
14M'ap ekri ou lèt sa a. Men, mwen gen espwa mwen ka vin wè ou anvan lontan. 15Men, #2 Tim 2.20; Ef 2.19-22 si m pran reta, lèt sa a va fè ou konnen ki jan pou nou mennen tèt nou nan fanmi Bondye a, sa vle di nan legliz Bondye vivan an. Legliz la tankou yon poto k'ap soutni verite a. 16Tout #Jan 1.14; 16.10; Wòm 1.4; Mak 16.19 moun fèt pou rekonèt jan sekrè relijyon nou an se yo gwo zafè.
Li te parèt tankou yon moun.
Lespri a fè nou wè jan li mache dwat devan Bondye.
Epi tout zanj yo te wè l tou.
Se li menm y'ap mache fè konnen nan tout nasyon.
Se nan li moun toupatou mete konfyans yo.
Apre sa, yo resevwa l nan syèl la.

Chwazi Kounye ya:

1 Timote 3: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte