1 Samyèl 7

7
1Se konsa moun lavil Kiriyat-Jearim #2 Sam 6.3 yo vin pran Bwat Kontra Senyè a. Yo mete l lakay Abinadad, sou tèt yon ti mòn. Yo chwazi Eleaza, pitit gason Abinadad la, pou okipe Bwat Kontra Senyè a.
Samyèl chèf peyi Izrayèl
2Bwat Kontra Senyè a te rete yon bon tan lavil Kiriyat-Jearim. Li te pase ventan la. Pandan tout tan sa a, tout moun pèp Izrayèl yo t'ap rele nan pye Senyè a pou mande l sekou.
3Samyèl #Jen 35.2; Det 6.13; 30.2-10; Joz 24.14,23; Jij 2.13; 1 Wa 8.48; 2 Kwo 19.3; 30.19; Esd 7.10; Eza 55.7; Jowèl 2.12,13; Mat 4.10; Lik 4.8 pale ak tout pèp la, li di yo konsa:
— Si nou tounen vin jwenn Senyè a ak tout kè nou vre, se pou nou wete tout bondye moun lòt nasyon yo ak tout pòtre metrès Astate yo nan mitan nou. Viv pou Senyè a sèlman, se li menm ase pou nou sèvi. Lè sa a l'a delivre nou anba men moun Filisti yo.
4Se konsa moun pèp Izrayèl yo wete tout estati bondye Baal ak metrès Astate yo nan mitan yo. Yo pran sèvi Senyè a sèlman.
5Apre #Jij 20.1; 1 Sam 10.17 sa, Samyèl di yo:
— Sanble tout pèp Izrayèl la lavil Mispa, m'a lapriyè Senyè a la pou nou.
6Se #Jij 10.10; 2 Sam 23.16; Ney 9.1; Jowèl 2.12 konsa, yo tout rasanble lavil Mispa. Yo tire dlo jete atè pou Senyè. Jou sa a, yo rete san manje. Epi yo di:
— Nou peche kont Senyè a!
Samyèl te rete lavil Mispa. Se la li te konn regle tout bagay pou pèp Izrayèl la.
7Lè moun Filisti yo vin konnen pèp Izrayèl la te sanble lavil Mispa, senk chèf moun Filisti yo moute al atake yo. Moun pèp Izrayèl yo tande sa, yo te pè. 8Epi #1 Sam 12.23 yo di Samyèl:
— Pa sispann lapriyè Senyè a pou nou, pou l ka sove nou anba men moun Filisti yo.
9Samyèl #Sòm 99.6; Jer 15.1 pran yon ti mouton dèyè manman, li boule l nèt, li ofri l bay Senyè a. Lèfini, Samyèl lapriyè Senyè a pou l vin ede pèp Izrayèl la. Senyè a reponn lapriyè a. 10Pandan #Joz 10.10; 1 Sam 2.10; Sòm 18.13 Samyèl t'ap boule ofrann lan, moun Filisti yo mache sou pèp Izrayèl la vin atake yo. Men lè sa a, Senyè a voye yon kout loray sou moun Filisti yo. Moun Filisti yo pèdi tèt yo, yo pran kouri met deyò devan pèp Izrayèl la. 11Moun Izrayèl yo sòti lavil Mispa, yo pran kouri dèyè moun Filisti yo jouk rive toupre lavil Bèt-Ka. Sou tout wout la yo bat yo byen bat.
12#Jen 28.18; Joz 24.26; 1 Sam 4.1 sa a, Samyèl pran wòch, li mete li ant lavil Mispa ak lavil Chenn. Li rele wòch la Wòch Sekou, #7.12: Ebenezè: Nan lang ebre a mo sa a vle di Wòch sekou. paske li t'ap di: Jodi a ankò, se Senyè a ki pote nou sekou. 13Se #Jij 13.1; 1 Sam 9.16; 13.5; 31.1 konsa moun Filisti yo te pèdi batay la nèt. Yo pa janm rekonmanse anvayi teritwa moun Izrayèl yo ankò. Senyè a te kenbe yo anba men l pandan tout tan Samyèl te vivan. 14Tout lavil moun Filisti yo te pran, depi lavil Ekwon jouk lavil Gat, tout te tounen nan men moun Izrayèl yo ankò. Se konsa pèp Izrayèl la te mete moun Filisti yo deyò sou tout teritwa ki te pou yo. Epitou pat gen lagè menm ant moun Izrayèl yo ak moun Amori yo.
15Samyèl #1 Sam 7.6 gouvènen pèp Izrayèl la jouk li mouri. 16Chak lanne li te fè vizit nan tout peyi a, li pase lavil Betèl, lavil Gilgal ak lavil Mispa. Nan tout lavil yo, li te konn regle tout kont moun yo te gen yonn ak lòt. 17Apre #Jij 21.4; 1 Sam 1.19; 14.35 sa, li tounen lakay li lavil Rama kote li te konn regle zafè pou pèp Izrayèl la tou. Li te bati yon lotèl pou Senyè a lavil Rama.

Chwazi Kounye ya:

1 Samyèl 7: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an