David te nan gwo tèt chaje paske mesye l yo te fache anpil dèske yo te pèdi pitit gason yo ak pitit fi yo, yo te fè lide touye David ak kout wòch. Men, Senyè a, Bondye li a, te ba l kont kouray. David rele Abyata, prèt la, pitit gason Akimelèk la, li di l konsa: — Pote jile Bondye a isit ban mwen! Abyata pote jile Bondye a bay David. David pale ak Senyè a, li di li: — Eske se pou m ale dèyè bann moun sa yo? Eske m'a rapousib yo? Senyè a di li: — Ou mèt ale dèyè yo. W'a rapousib yo, epi w'a sove moun yo fè prizonye yo.
Li 1 Samyèl 30
Koute 1 Samyèl 30
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Samyèl 30:6-8
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo