De jou apre, David rive lavil Ziklag ansanm ak mesye l yo. Moun Amalèk yo te gentan anvayi tout zòn Negèv nan peyi Jida. Yo te atake lavil Ziklag tou, yo te boule lavil la nèt. Lèfini, yo te pran tout fanm yo ak tout rès moun ki te la yo, timoun kou granmoun, yo te pati ak yo. Yo pat touye pèsonn, men yo te pran tout moun, yo pati ak yo al fè wout yo. Lè David rive ak mesye l yo, yo jwenn lavil la te boule nèt epi madanm yo, pitit gason yo ak pitit fi yo pat la. Moun yo te pati ak yo tout. David ak mesye l yo pran rele, yo kriye jouk yo pa kapab ankò. Moun yo te pati ak de madanm David yo tou, Akinoam, moun lavil Jizreyèl ak Abigayèl, madanm defen Nabal, moun lavil Kamèl. David te nan gwo tèt chaje paske mesye l yo te fache anpil dèske yo te pèdi pitit gason yo ak pitit fi yo, yo te fè lide touye David ak kout wòch. Men, Senyè a, Bondye li a, te ba l kont kouray. David rele Abyata, prèt la, pitit gason Akimelèk la, li di l konsa: — Pote jile Bondye a isit ban mwen! Abyata pote jile Bondye a bay David. David pale ak Senyè a, li di li: — Eske se pou m ale dèyè bann moun sa yo? Eske m'a rapousib yo? Senyè a di li: — Ou mèt ale dèyè yo. W'a rapousib yo, epi w'a sove moun yo fè prizonye yo.
Li 1 Samyèl 30
Koute 1 Samyèl 30
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Samyèl 30:1-8
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo