David te rete kache nan falèz ki nan dezè Zif la, Sayil menm chak jou t'ap chache l. Men, Bondye pa janm lage David nan men Sayil. Atousa David te pè toujou paske li te konnen Sayil te sòti pou touye l. David te bò lavil Oreya, nan dezè Zif la. Jonatan, pitit Sayil la, al jwenn li la, li t'ap ba l kouray. Li t'ap di l ki jan Bondye ap toujou la avèk li. Li t'ap di l konsa: — David monchè, ou pa bezwen pè! Sayil, papa m, p'ap janm ka jwenn ou. Se ou menm ki gen pou wa pèp Izrayèl la. Mwen menm, m'ap vin apre ou. Ata Sayil, papa m, konn sa tou! De mesye yo koupe yon kontra pou yo toujou zanmi devan Senyè a. David rete lavil Oreya, Jonatan ale ale l lakay li.
Li 1 Samyèl 23
Koute 1 Samyèl 23
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Samyèl 23:14-18
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo