Ti Samyèl menm t'ap sèvi Senyè a. Li te gen yon ti jile tankou prèt yo konn mete a. Chak lanne manman l te fè yon ti rad pou li, epi li te pote l ba li lè li moute ak mari l pou touye bèt pou yo ofri chak lanne a. Se konsa, Eli te beni Elkana ansanm ak madanm li. Li di Elkana: — M'ap lapriyè Senyè a pou l ba ou lòt pitit avèk madanm sa a pou ranplase pitit ou mete apa pou Senyè a. Apre sa yo tounen lakay yo. Senyè a beni Ana ankò. Ana fè senk lòt pitit, de fi twa gason. Ti Samyèl menm t'ap grandi nan kay Senyè a. Eli te fin granmoun. Li te tande moun ap di tou sa pitit gason l yo t'ap fè moun Izrayèl yo pase, jan yo te menm rive kouche ak medam ki t'ap travay nan pòtay devan Kay Randevou a. Lè sa a, li di yo konsa: — Poukisa n'ap fè bagay konsa? Mwen tande tout vye koze y'ap di sou nou nan pèp la. Sispann non, pitit mwen yo! Paske, sa m tande y'ap di sou nou yo se pa bèl bagay menm. Si yon moun fè yon lòt yon bagay mal, Senyè a ka pran defans li. Men lè se Bondye menm yon moun fè mal, ki moun ki va pran defans li? Men, mesye yo pat vle koute sa papa a t'ap di yo, paske Senyè a te fin pran desizyon l pou l te touye yo. Ti Samyèl menm t'ap grandi toujou. Li t'ap aji yon jan ki te fè ni Bondye ni lèzòm plezi.
Li 1 Samyèl 2
Koute 1 Samyèl 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Samyèl 2:18-26
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo