Yon jou, Senyè a voye yon movezespri sou Sayil. Sayil te chita lakay li, fwenn li kenbe nan men li. David menm t'ap jwe mizik. Sayil t'ap chache kloure David sou mi kay la ak fwenn lan, men David te eskive kò li, epi fwenn nan al antre plante nan miray la. David kouri chape poul li. Menm jou sa a, nan mitan lannwit, Sayil voye kèk espyon al veye kay David la pou yo te touye l nan maten. Men, Mikal, madanm David, avèti mari l. Li di l: — Si ou pa chape poul ou lannwit lan, denmen maten ou mouri. Li fè David sòti nan yon fennèt. David kouri, li chape kò l. Lè sa a, Mikal pran yon zidòl wogatwa, li mete l kouche sou kabann lan, li pran yon zoreye fèt ak plim kabrit, li mete l nan plas tèt la, epi li kouvri tout ak yon dra. Lè moun Sayil yo vin pou pran David, Mikal di yo David kouche malad. Men, Sayil voye mesye yo tounen pou y'al wè David ak je yo. Li di yo: — Mennen l isit ban mwen ak tout kabann li an pou m fè touye l. Lè mesye yo antre anndan kay la, yo jwenn estati zidòl wogatwa a sou kabann lan ak zòrye plim kabrit la kote pou tèt la te ye a. Sayil di Mikal konsa: — Poukisa ou woule m konsa? Ou kite lènmi mwen an chape. Mikal reponn li: — Li te di m si m pa kite l chape, l'ap touye m!
Li 1 Samyèl 19
Koute 1 Samyèl 19
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Samyèl 19:9-17
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo