Sayil pale ak Jonatan ansanm ak chèf k'ap sèvi avè l yo, li di yo li fè lide touye David. Men Jonatan, pitit gason Sayil la, te renmen David anpil. Li fè David konnen sa. Li di l: — Sayil, papa m, ap chache touye ou. Denmen maten, rete sou prigad ou. Al kache kò ou yon kote. Pa sòti menm. Mwen menm, m'ap sòti, mwen pral jwenn papa m nan jaden kote ou kache a, m'a pale sou ou ak li. Jan l reponn mwen, m'a fè ou konnen. Jonatan t'ap bay bèl pawòl pou David devan papa l, li t'ap di konsa: — Monwa, piga ou fè David, sèvitè ou la, anyen. Li menm, li pa janm fè ou anyen. Tou sa li fè toujou sèvi ou. Li riske lavi li lè l'al touye sòlda Filisti a. Se konsa Senyè a te delivre tout pèp la, se te bèl bagay. Ou te wè sa, ou te kontan. Poukisa kounyeya ou ta renmen wè malè rive yon moun inonsan, ou ta vle touye David san l pa fè anyen? Sayil koute Jonatan, li fè sèman, li di li: — Mwen sèmante devan Senyè vivan an, yo p'ap touye David. Jonatan rele David, li rapòte l tout pawòl sa yo. Apre sa, li mennen David bay Sayil. Epi David tanmen sèvi wa a ankò jan li te konn fè anvan an.
Li 1 Samyèl 19
Koute 1 Samyèl 19
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Samyèl 19:1-7
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo