1 Samyèl 18:17-30

1 Samyèl 18:17-30 HAT98

Yon lè Sayil di David konsa: — Men Merab, premye pitit fi mwen an. M'ap ba ou l pou madanm. Sèl bagay se pou fè m wè se yon vanyan gason ki pa pè batay ou ye, se pou ou goumen tout kote Senyè a va voye ou al goumen pou li! Sayil t'ap di nan kè l: Konsa, se moun Filisti yo ki pral touye David, mwen p'ap bezwen fè l mwen menm. David di Sayil: — Kisa m ye? Kisa m'ap fè pou m viv? Kisa fanmi papa m ye konsa nan peyi Izrayèl la pou m marye ak pitit fi wa a? Men, lè lè a rive pou yo te marye Merab ak David, wa a marye Merab ak Adriyèl, moun lavil Meola. Men, Mikal, yon lòt pitit fi Sayil te genyen, te tonbe pou David. Lè y'al di Sayil sa, bagay la te fè l plezi. Sayil t'ap di nan kè l: M'ap bay David Mikal pou madanm. L'ap tounen yon pèlen pou li, epi moun Filisti yo va touye l. Se konsa Sayil rele David yon dezyèm fwa, li di l: — Monchè, ou pral vin bofi mwen. Li pale ak moun pa li yo, li ba yo lòd al jwenn David apa pou di li: Wa a kontan ou anpil, epi tout moun pa li yo renmen ou. Se yon bon lè pou ou marye ak pitit fi wa a. Se konsa y'al di David sa. David reponn yo: — Eske ou kwè se fasil pou moun marye ak pitit fi wa? Men se yon bagay ki twòp pou pye pòv malere tankou mwen. Moun Sayil yo al rapòte wa a sa David te di a. Epi Sayil di yo: — Men sa n'a di David: Wa a pa bezwen ou ba l okenn lajan pou ou marye ak pitit fi li a. Sèlman sa li ta renmen, se san po ti kòk moun Filisti. Konsa, la tire revanj sou lènmi li yo. Sayil te fè plan sa a pou David te ka tonbe nan men moun Filisti yo. Moun Sayil yo al rapòte pawòl sa yo bay David. David te asepte kondisyon an pou li marye ak pitit fi wa a. Anvan lè a rive pou yo fè maryaj la, David leve, li pati ak sòlda li yo. Li touye desan (200) moun Filisti. Li pote po ti kòk yo bay wa a. Li konte yo yonn pa yonn, li renmèt li yo san manke yonn, pou l te ka tounen bòfi wa a. Se konsa Sayil marye Mikal, pitit fi li a, ak David. Lè Sayil vin konprann non sèlman Senyè a te avèk David, men Mikal, pwòp pitit fi Sayil la, te renmen David tou, Sayil te vin pè David plis toujou. Depi jou sa a li te lènmi David jouk jou li mouri. Lame moun Filisti yo te konn vin atake yo. Men chak fwa, nan tout chèf k'ap sèvi ak Sayil yo, se toujou David ki te resi kenbe tèt ak yo pi byen. Tout moun nan peyi a te vin konsidere l anpil.