1 Samyèl 17:31-58

1 Samyèl 17:31-58 HAT98

Kèk moun ki te tande sa David t'ap di al rapòte sa bay Sayil ki voye chache l. David di Sayil: — Monwa, pèsonn pa dwe kite sòlda Filisti sa a ap kraponnen yo konsa. Mwen pral goumen avè l. Sayil di David konsa: — Non, ou pa ka goumen ak sòlda Filisti sa a. Ou twò piti. Nèg sa a se yon sòlda k'ap goumen depi l jenn gason. David di Sayil: — Monwa, se mwen menm k'ap okipe mouton papa m yo. Nenpòt lè yon lyon osinon yon lous vin pran yonn nan mouton yo, mwen kouri dèyè l, m atake l, mwen wete mouton an anba grif li. Si lè sa a, lyon an osinon lous la konprann pou l vire sou mwen, mwen pran l nan gagann, mwen bat li jouk mwen touye l. Menm jan mwen touye lyon ak lous, se konsa m'a touye sòlda Filisti sa a ki pa moun k'ap sèvi Senyè a. M'ap touye l paske li mete lame Bondye vivan an an defi vin goumen avè l. David di ankò: — Senyè a te delivre m anba pat lyon yo ak pat lous yo, l'a delivre m tou anba men sòlda Filisti sa a. Sayil di David: — Bon, ale non! Mwen mande Senyè a pou l avèk ou! Sayil pran pwòp rad lagè pa l yo, li mete sou David. Li mete yon kas fè nan tèt David ak yon rad fèt an plak fè pou pwoteje kò li. David pase nepe Sayil la nan ren l, anwo rad lagè a. Men, li fè sa pou l mache, li pat kapab, paske li pat konn sèvi ak tout bagay sa yo. Li di Sayil konsa: — Mwen pa ka mache ak tout bagay sa yo sou mwen, mwen pa konn sèvi ak yo. Epi David wete tout bagay yo sou li. Lèfini, li pran baton l nan men l, li ranmase senk ti wòch won nan ravin lan, li mete yo nan ralfò li sèvi lè l'ap okipe mouton yo. Apre sa, fistibal li nan men l, li mache sou Golyat. Sòlda Filisti a pran mache sou David tou. Nonm ki t'ap pote plak pwotèj li a t'ap mache devan li. Li t'ap pwoche pi pre David. Lè sòlda Filisti a gade, li wè David pi pre, li tchwipe, epi li vire tèt li sou kote, paske li te wè se yon timoun ak cheve koulè kannèl, ak yon bèl ti figi ki te devan l. Sòlda Filisti a di David konsa: — Gen lè se yon chen mwen ye pou se avèk yon baton w'ap mache sou mwen? Epi li pran non bondye l yo pou madichonnen David. Apre sa, li di ankò: — Mwen pini ou vanse sou mwen pou ou wè si mwen p'ap pran kò ou pou m bay zwazo nan syèl ak bèt nan bwa manje. David di sòlda Filisti a konsa: — W'ap mache sou mwen avèk nepe, gwo frenn ak ti frenn. Men mwen menm, m'ap mache sou ou nan non Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye lame pèp Izrayèl la. Se li menm ou te mete an defi vin goumen avè ou. Jòdi a menm, Senyè a pral lage ou nan men m. M'ap vide ou atè, m'ap koupe tèt ou. Lèfini, m'ap kite kadav ou ansanm ak kadav sòlda Filisti yo pou zwazo nan syèl ak bèt nan bwa manje. Konsa, tout moun nan peyi a va konnen pèp Izrayèl la gen yon Bondye. Wi, tout moun ki sanble isit la a va wè Bondye pa bezwen ni nepe ni frenn pou delivre pèp li a. Batay la rele l pa l. Se li menm ki pral lage tout moun Filisti yo nan men pèp Izrayèl la. Golyat pran mache ankò sou David. David menm t'ap kouri al kontre ak li devan lame yo. Li foure men l nan ti ralfò li a, li pran yon wòch ladan l, li mete l nan fistibal la, li vize Golyat. Li frape sòlda Filisti a nan mitan fwon. Wòch la antre nan kalbas tèt sòlda Filisti a. Sòlda Filisti a tonbe fas atè. Se konsa David te blayi sòlda Filisti a ak yon sèl kout fistibal. Li touye li san li pa te gen yon bout nepe nan men li. David kouri al bò kote sòlda Filisti a, li moute sou li, li rale nepe sòlda Filisti a sòti nan djenn li, li touye l, lèfini li koupe tèt li. Lè moun Filisti yo wè bowòm yo a te mouri, yo kouri met deyò. Sòlda pèp Izrayèl yo ak mesye peyi Jida yo leve, yo pouse gwo rèl lagè yo a, yo pran kouri dèyè moun Filisti yo jouk devan lavil Gat, jouk devan pòtay Ekwon. Te gen kadav moun Filisti sou tout wout ki mennen lavil Charayim lan jouk lavil Gat ak Ekwon. Se lè sa a moun pèp Izrayèl yo sispann kouri dèyè moun Filisti yo, yo kase tèt tounen. Yo fè yon gwo piyay nan kan moun Filisti yo. David pran tèt Golyat, li pote l lavil Jerizalèm, men li kenbe zam sòlda Filisti a lakay li. Lè Sayil wè David t'ap mache al kontre ak sòlda Filisti a, li mande Abnè, kòmandan lame li a: — Abnè, pitit ki moun jennonm sa a ye? Abnè reponn li: — Anverite, ekselans, mwen pa konnen! Wa a di li: — Al chache konnen pitit ki moun li ye. Apre David fin touye sòlda Filisti a, li tounen nan kan moun pèp Izrayèl yo. Abnè pran l, li mennen l devan Sayil. David te kenbe tèt sòlda Filisti a nan men l toujou. Sayil mande l: — Ti gason, pitit ki moun ou ye hen! David reponn: — Mwen se pitit moun pa ou la, Izayi, moun lavil Betleyèm.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an