1 Samyèl 17:1-52

1 Samyèl 17:1-52 HAT98

Moun Filisti yo sanble tout sòlda yo lavil Soko nan peyi moun Jida yo, pou y'al goumen. Yo pran pozisyon yon kote yo rele Fontyè San, ant lavil Soko ak lavil Azeka. Sayil vini ansanm ak moun Izrayèl yo, yo pran pozisyon nan fon Bwadchenn lan, epi yo ranje kò yo anfas moun Filisti yo pou y'al goumen ak yo. Moun Filisti yo te sou yon ti mòn yon bò, moun pèp Izrayèl yo te sou yon lòt ti mòn anfas. Fon an te nan mitan de lame yo. Yon bowòm yo rele Golyat, moun lavil Gat, sòti nan kan moun Filisti yo, li parèt devan sòlda pèp Izrayèl yo, li mande pou yonn ladan yo vin fè faskare ak li. Li te gen nèf pye wotè. Li te gen yon kas fè nan tèt li ak yon rad fèt an plak fè sou li. Rad la te peze sansenkant (150) liv pou pi piti. Li te gen janbyè fèt an fè nan janm li, ak yon ti frenn fèt an asye pandye sou zepòl li. Bwa gwo frenn ki te nan men l lan te menm gwosè ak yon gwo manch pilon. Pwent frenn lan te fèt an fè. Li te peze ven liv konsa. Te gen yon sòlda ki t'ap mache devan l avèk plak pwotèj li a. Golyat kanpe, epi li rele moun pèp Izrayèl yo, li di yo konsa: — Se goumen nou vin goumen? Poukisa atò? Mwen menm, se moun Filisti mwen ye. Nou menm, se esklav Sayil nou ye. Chwazi yon nonm nan mitan nou pou l vin kare avè m. Si l rive bat mwen pou l touye m, moun Filisti yo va vin esklav moun Izrayèl yo. Men, si se mwen ki bat li, si m touye l, se nou menm moun Izrayèl yo k'ap vin esklav moun Filisti yo pou sèvi yo. Li di yo ankò: — Jòdi a mwen mete tout moun Izrayèl yo an defi. M pini nou jwenn yon nonm ki pou vin kare avè m. Lè Sayil ak tout sòlda moun Izrayèl yo tande sa sòlda Filisti a te di yo, yo vin pè anpil. Yo pran tranble. David te pitit gason yon nonm fanmi Efrata yo, ki te rete lavil Betleyèm, nan peyi Jida. Nonm lan te rele Izayi. Li te gen wit pitit gason. Sou reny wa Sayil, li te deja fin granmoun. Twa premye pitit gason l yo te pati al nan lagè ansanm ak Sayil. Pi gran an te rele Eliyab, dezyèm lan te rele Abinadab, twazyèm lan te rele Chama. David te dènye pitit Izayi. Twa pi gran yo te pati ansanm ak Sayil. Tanzantan David te konn sòti lakay Sayil desann lavil Betleyèm pou l'al okipe mouton papa l yo. Chak maten, chak aswè, pandan karant jou, Golyat te vin kanpe devan sòlda pèp Izrayèl yo pou mande yo batay. Yon jou, Izayi di David konsa: — Pran yon mamit grenn griye ak dis pen sa yo, kouri pote yo bay frè ou yo nan kan an. Pran dis fwonmaj sa yo, pote yo bay kòmandan an. W'a pran nouvèl frè ou yo, ki jan yo ye. Epi w'a fè yo ba ou yon bagay pou m sèten ou wè yo an sante. Wa Sayil, frè ou yo ansanm ak tout lòt mesye Izrayèl yo nan Fon Bwadchenn lan ap goumen ak moun Filisti yo. Nan denmen maten, David leve byen bonè, li kite yon gadò pou veye mouton yo pou li, li pran manje a, epi li pati jan Izayi te di l la. Lè li rive nan kan an, moun pèp Izrayèl yo te fenk sòti pou y'al pran pozisyon batay. Yo t'ap rele pou chofe sòlda yo. Lame moun Filisti yo ak lame moun Izrayèl yo vin kanpe yonn anfas lòt pou batay la. David kite manje li te pote a nan men nonm ki te reskonsab pwovizyon yo, li kouri kote batay la ta pral mare a, l'al jwenn frè li yo. Li mande yo nouvèl yo. Li t'ap pale ak yo konsa, lè Golyat, gwo sòlda Filisti a, moun lavil Gat la, sòti nan kan moun Filisti yo, li vin kanpe devan sòlda pèp Izrayèl yo pou mande yo batay jan l te konn fè l anvan an. David tande sa Golyat t'ap di. Lè moun pèp Izrayèl yo wè Golyat parèt yo pran kouri tèlman yo te pè. Yonn t'ap di lòt: — Gade nonm lan non! Tande jan l'ap mete nou andefi! Si yon moun rive bat nonm sa a, wa a ap fè moun sa a rich, l'ap marye li ak pitit fi li. Lèfini, l'ap bay tout fanmi li dwa pou yo pa janm bezwen peye okenn taks nan peyi Izrayèl. David mande moun ki te kanpe bò kote l yo: — Kisa y'a bay moun ki va touye sòlda Filisti a, moun ki va wete pèp Izrayèl la nan gwo wont sa a? Epitou, kisa sòlda Filisti sa a, ki pa moun k'ap sèvi Senyè a, ye menm pou l mete lame Bondye vivan an an defi vin goumen avè l la? Mesye yo di l tou sa y'a fè pou moun ki va touye Golyat la. Eliyab, pi gran frè la, te tande li ap pale ak mesye yo. Li fache sou li, li di li konsa: — Sa w'ap fè la a? Ki moun k'ap okipe mouton ou yo pou ou nan dezè a? Mwen konnen ou se yon ti brigan, yon ti fouyapòt! Sou plan ou ye, batay la ou vin gade. David reponn li: — Kisa m fè, mezanmi! Yon senp ti kèsyon m'ap mande moun yo la a wi! Li vire bò yon lòt moun, li mande l menm kèsyon an. Chak fwa, moun yo fè l menm repons la. Kèk moun ki te tande sa David t'ap di al rapòte sa bay Sayil ki voye chache l. David di Sayil: — Monwa, pèsonn pa dwe kite sòlda Filisti sa a ap kraponnen yo konsa. Mwen pral goumen avè l. Sayil di David konsa: — Non, ou pa ka goumen ak sòlda Filisti sa a. Ou twò piti. Nèg sa a se yon sòlda k'ap goumen depi l jenn gason. David di Sayil: — Monwa, se mwen menm k'ap okipe mouton papa m yo. Nenpòt lè yon lyon osinon yon lous vin pran yonn nan mouton yo, mwen kouri dèyè l, m atake l, mwen wete mouton an anba grif li. Si lè sa a, lyon an osinon lous la konprann pou l vire sou mwen, mwen pran l nan gagann, mwen bat li jouk mwen touye l. Menm jan mwen touye lyon ak lous, se konsa m'a touye sòlda Filisti sa a ki pa moun k'ap sèvi Senyè a. M'ap touye l paske li mete lame Bondye vivan an an defi vin goumen avè l. David di ankò: — Senyè a te delivre m anba pat lyon yo ak pat lous yo, l'a delivre m tou anba men sòlda Filisti sa a. Sayil di David: — Bon, ale non! Mwen mande Senyè a pou l avèk ou! Sayil pran pwòp rad lagè pa l yo, li mete sou David. Li mete yon kas fè nan tèt David ak yon rad fèt an plak fè pou pwoteje kò li. David pase nepe Sayil la nan ren l, anwo rad lagè a. Men, li fè sa pou l mache, li pat kapab, paske li pat konn sèvi ak tout bagay sa yo. Li di Sayil konsa: — Mwen pa ka mache ak tout bagay sa yo sou mwen, mwen pa konn sèvi ak yo. Epi David wete tout bagay yo sou li. Lèfini, li pran baton l nan men l, li ranmase senk ti wòch won nan ravin lan, li mete yo nan ralfò li sèvi lè l'ap okipe mouton yo. Apre sa, fistibal li nan men l, li mache sou Golyat. Sòlda Filisti a pran mache sou David tou. Nonm ki t'ap pote plak pwotèj li a t'ap mache devan li. Li t'ap pwoche pi pre David. Lè sòlda Filisti a gade, li wè David pi pre, li tchwipe, epi li vire tèt li sou kote, paske li te wè se yon timoun ak cheve koulè kannèl, ak yon bèl ti figi ki te devan l. Sòlda Filisti a di David konsa: — Gen lè se yon chen mwen ye pou se avèk yon baton w'ap mache sou mwen? Epi li pran non bondye l yo pou madichonnen David. Apre sa, li di ankò: — Mwen pini ou vanse sou mwen pou ou wè si mwen p'ap pran kò ou pou m bay zwazo nan syèl ak bèt nan bwa manje. David di sòlda Filisti a konsa: — W'ap mache sou mwen avèk nepe, gwo frenn ak ti frenn. Men mwen menm, m'ap mache sou ou nan non Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye lame pèp Izrayèl la. Se li menm ou te mete an defi vin goumen avè ou. Jòdi a menm, Senyè a pral lage ou nan men m. M'ap vide ou atè, m'ap koupe tèt ou. Lèfini, m'ap kite kadav ou ansanm ak kadav sòlda Filisti yo pou zwazo nan syèl ak bèt nan bwa manje. Konsa, tout moun nan peyi a va konnen pèp Izrayèl la gen yon Bondye. Wi, tout moun ki sanble isit la a va wè Bondye pa bezwen ni nepe ni frenn pou delivre pèp li a. Batay la rele l pa l. Se li menm ki pral lage tout moun Filisti yo nan men pèp Izrayèl la. Golyat pran mache ankò sou David. David menm t'ap kouri al kontre ak li devan lame yo. Li foure men l nan ti ralfò li a, li pran yon wòch ladan l, li mete l nan fistibal la, li vize Golyat. Li frape sòlda Filisti a nan mitan fwon. Wòch la antre nan kalbas tèt sòlda Filisti a. Sòlda Filisti a tonbe fas atè. Se konsa David te blayi sòlda Filisti a ak yon sèl kout fistibal. Li touye li san li pa te gen yon bout nepe nan men li. David kouri al bò kote sòlda Filisti a, li moute sou li, li rale nepe sòlda Filisti a sòti nan djenn li, li touye l, lèfini li koupe tèt li. Lè moun Filisti yo wè bowòm yo a te mouri, yo kouri met deyò. Sòlda pèp Izrayèl yo ak mesye peyi Jida yo leve, yo pouse gwo rèl lagè yo a, yo pran kouri dèyè moun Filisti yo jouk devan lavil Gat, jouk devan pòtay Ekwon. Te gen kadav moun Filisti sou tout wout ki mennen lavil Charayim lan jouk lavil Gat ak Ekwon.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an