1 Samyèl 15:12-26

1 Samyèl 15:12-26 HAT98

Nan denmen maten, bonè bonè, li sòti al chache Sayil. Yo vin di Samyèl Sayil te ale lavil Kamèl, kote li fè bati yon moniman pou tèt li, apre sa, li tounen isit, li desann lavil Gilgal. Samyèl al jwenn Sayil. Sayil vin di l bonjou: — Se pou Senyè a beni ou! Mwen fè tou sa li te ban m lòd fè. Samyèl mande l: — Ki tout bri mouton ak bèf m'ap tande nan zòrèy mwen konsa? Sayil reponn li: — Anhan! Se bèt sòlda mwen yo pran kay moun Amalèk yo. Yo pran pi bèl mouton yo ak pi bèl bèf yo, yo pa touye yo pou yo te ka ofri yo bay Senyè a, Bondye ou la. Men, yo touye tout rès yo nèt tankou yon ofrann pou Bondye. Samyèl di l konsa: — Pe bouch ou, tande! Kite m di ou sa Senyè a te vin di m lannwit lan. Sayil di li: — Pale non! Samyèl di li: — Atout yon lè ou te rekonèt ou pat anyen, jòdi a se pa ou menm ki chèf tout branch fanmi pèp Izrayèl la? Se pa Senyè a menm ki te chwazi ou pou wa pèp Izrayèl la? Li voye ou ale avèk lòd esprè pou ou te touye tout moun Amalèk yo, bann moun sa yo k'ap fè sa ki mal, tankou yon ofrann pou Bondye. Se pou ou te goumen ak yo jouk ou te fin touye yo tout. Poukisa ou pa koute sa Senyè a te di ou? Poukisa ou lage kò ou sou sa ou te pran nan men lènmi ou yo, epi ou fè sa ki pa fè Senyè a plezi. Sayil reponn Samyèl li di li: — Mwen fè tou sa Senyè a te di m 'fè! Mwen mache daprè lòd li. Mwen pran Agag, wa moun Amalèk yo, mwen tounen avè li. Mwen touye tout rès moun Amalèk yo pou Bondye. Men sòlda mwen yo pat touye bèl mouton ak pi bèl bèf yo te jwenn nan sa yo te pran lakay lènmi sa yo. Yo pote yo isit la, lavil Gilgal, pou yo te ka ofri yo sou lotèl la bay Senyè a, Bondye ou la. Lè sa a, Samyèl di li konsa: — Dapre ou, kisa Senyè a pito? Yon moun k'ap boule bèt sakrifye pou li, yon moun k'ap fè tout lòt kalite sakrifis bèt pou li, osinon yon moun k'ap fè sa li di li fè tout bon? Konn sa tande! Pito yon moun fè sa Senyè a di li fè a pase pou li fè sakrifis bèt pou Bondye. Pito yon moun soumèt devan Bondye pase pou li ofri mouton byen gra bay Senyè a. Dezobeyi Bondye nan sa l mande ou fè a se menm bagay ak fè maji. Fè tèt di ak Bondye se menm bagay ak sèvi zidòl. Enben, ou voye pawòl Bondye a jete, Senyè a wete ou nan plas wa a, li voye ou jete tou. Li pa gen anyen pou l wè avè ou ankò! Sayil reponn li: — Mwen peche, mwen pa fè sa Senyè a te ban m lòd fè. Mwen pat koute pawòl ou te di m lan. Se pè mwen te pè mesye m yo kifè m fè sa yo te vle fè a. Men kounyeya, tanpri, padonnen peche m lan. Tounen avè m pou m ka sèvi Senyè a. Samyèl di li: — Non, mwen p'ap tounen avè ou. Paske ou voye pawòl Bondye a jete, Senyè a wete ou nan plas wa a, li voye ou jete tou.