1 Samyèl 1:1-19

1 Samyèl 1:1-19 HAT98

Te gen yon nonm, moun branch fanmi Efrayim, ki te rele Elkana. Li te rete lavil Rama nan mòn peyi Efrayim. Se te pitit Jewokam, pitit pitit Eliyou, nan fanmi Tokou, nan branch fanmi Zouf la. Elkana te gen de madanm, yonn te rele Ana, lòt la te rele Penina. Penina te fè pitit pou li. Men, Ana pat gen pitit. Chak lanne, Elkana sòti lavil Rama, li moute lavil Silo pou l'al fè sèvis pou Senyè ki gen tout pou vwa a, pou l touye bèt pou li. Se de pitit Eli yo, Ofni ak Fineas, ki te prèt Senyè a lavil Silo. Chak fwa Elkana te ofri bèt pou Senyè a, li te toujou pran yon pòsyon pou Penina, yon pòsyon pou chak pitit fi ak pitit gason li yo. Men, li te bay Ana yon pòsyon doub, paske li te renmen l anpil, atout Senyè a pat ba li pitit. Penina menm te toujou ap chache imilye Ana pou agase li deske Senyè a te fè li pa te ka fè pitit. Sa kontinye konsa chak lanne pandan lontan. Chak fwa yo te moute ale nan tanp Senyè a, Penina gen pou anbete Ana jouk li fè l fache. Lè konsa, Ana menm rete ap kriye, li pa vle manje anyen. Elkana, mari li, di l konsa: — Aa, machè! Poukisa w'ap plede kriye konsa? Poukisa ou pa manje? Poukisa ou kagou konsa? Ou genyen m, se tankou si ou te genyen depase dis pitit gason. Yon lè yo te lavil Silo, apre yo te fin manje, yo te fin bwè, Ana leve. Eli, prèt la, te chita sou chèz li bò pòtay Tanp Senyè a. Ana te gen anpil lapenn. Li t'ap lapriyè nan pye Senyè a, dlo t'ap koule nan je l. Li fè Senyè a yon pwomès, li di li: — Senyè, ou menm ki gen tout pouvwa, tanpri, voye je ou sou sèvant ou a non! Gade lapenn mwen! Si ou pa bliye mwen, si ou ban m' yon pitit gason, l'ap viv pou ou sèlman. Poutèt sa, li p'ap janm koupe cheve nan tèt li. Pandan tout tan Ana t'ap lapriyè konsa devan Senyè a, Eli t'ap gade bouch li. Men, Ana t'ap lapriyè nan kè l. Se bouch li ase ki t'ap bat, konsa moun pat ka tande sa l'ap di a. Lè sa a, Eli te konprann se sou li te sou. Li di l konsa: — Kilè w'a sispann bwè jouk pou ou sou konsa? Sòti al desoule ou yon lòt kote! Ana reponn li: — Se pa sou mwen sou non, mèt! Mwen pa goute ni diven ni okenn lòt bweson. Se nan gwo lapenn mwen ye. Se louvri m'ap louvri kè m bay Senyè a. Se rakonte m'ap rakonte Senyè a lapenn mwen. Tanpri, mèt! Pa pran m pou yon fanm lib! Kifè m'ap pale konsa, se paske mwen nan gwo tèt chaje. Chagren ap touye m. Lè sa a, Eli reponn li: — Ale ak kè poze. Mwen mande Bondye pèp Izrayèl la pou l ba ou sa ou mande l la. Ana reponn li: — M espere ou p'ap janm bliye m! Epi li leve, l'al fè wout li. Li manje. Depi lè sa a, li pat menm moun lan ankò. Nan denmen maten, Elkana leve byen bonè ak tout fanmi li, yo adore Senyè a. Apre sa, yo tounen lakay yo lavil Rama. Elkama kouche ak Ana, madanm li. Epi, Senyè a fè pou Ana sa li te mande l la.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an