1 Wa 9

9
Bondye fè Salomon wè l ankò
(2 Kwonik 7.11-12)
1Lè wa Salomon fin bati Tanp Senyè a, #2 Kwo 7.11-22 palè #1 Wa 7.1; 2 Kwo 8.1 wa a ak tout lòt bagay li te gen lide fè yo, 2Senyè a #1 Wa 3.5; 11.9 te fè Salomon wè l ankò, menm jan li te fè l wè l lavil Gabawon an. 3Senyè a #Det 11.12; 1 Wa 8.16,29 di l konsa:
— Mwen tande lapriyè ou la. Mwen mete Tanp ou bati a apa pou sèvis mwen. Se la pou moun adore m tout tan. M'ap voye je sou li, m'ap toujou pwoteje l. 4Si #Jen 17.1; 1 Wa 11.38; 15.5 ou mache devan m tankou David, papa ou, ak tout kè ou jan ou dwe fè l la, si ou fè tout sa mwen mande ou fè, si ou koute lòd ak bon prensip mwen yo, m'a fè gouvènman ou lan kanpe fèm nan peyi Izrayèl la pou tout tan, 5m'a #2 Sam 7.16; 1 Wa 2.4; 6.12; Sòm 132.11,12 kenbe pwomès mwen te fè David, papa ou la, lè m te di l ap toujou gen yon moun nan fanmi li ki pou gouvènen pèp Izrayèl la. 6Men, #Sòm 89.30,32 si ou menm osinon yonn nan pitit ou yo vire do ban mwen, si nou pa fè sa m mande nou fè, si nou pa koute lòd mwen ban nou, si n'al sèvi lòt bondye, si n'al adore lòt bondye, 7#Det 4.26; 28.37; 2 Wa 17.23; Sòm 44.14; Jer 7.14 sa a, m'ap wete pèp Izrayèl la nan peyi mwen ba yo a. M'ap vire do bay Tanp mwen te mete apa tankou kote pou yo fè sèvis pou mwen an. Moun toupatou va pase pèp Izrayèl la nan betiz, y'a fè chante sou li. 8Tanp #Det 29.24-26; Jer 22.8,9 sa a va tounen yon vye mazi. #9.8: yon vye mazi: Dapre sa nou jwenn nan vèsyon grèk la, men tèks ebre a bay byen wo. Tout moun ki va pase bò la va sezi, y'a met men nan bouch. Y'a mande poukisa Senyè a fè peyi a ak Tanp lan sa. 9Y'a reponn yo: Se paske yo te vire do bay Senyè a, Bondye yo a, ki te fè zansèt yo sòti kite peyi Lejip. Yo kouri al jwenn lòt bondye, yo fè sèvis pou yo, yo adore yo. Se poutèt sa Senyè a te voye malè sa a sou yo.
Lòt kontra Salomon ak Iram
(2 Kwonik 8.1-2)
10Wa #2 Kwo 8.1-18 Salomon #1 Wa 6.37,38; 7.1 te pran ventan pou l bati Tanp Senyè a ak palè wa a. 11Iram, wa peyi Tir, te ba li bwa sèd ak bwa pichpen ansanm ak tout lò li te bezwen pou li fè travay la. Lè travay la fini, wa salomon bay Iram ven vil nan zòn Galile. 12Iram kite Tir. Li desann al wè vil Salomon te ba li yo. Men li pa te renmen yo. 13Li di Salomon konsa:
— Se vil sa yo ou wè pou ban mwen, frè mwen! Yo pa vo anyen.
Se poutèt sa, depi lè sa a, rive jodi a, yo rele zòn sa a NanKaboul. #9.13: Kaboul: Nan lang ebre a mo sa a sonnen tankou yon lòt mo ki vle di pa vo anyen. 14Iram te voye total senk tòn lò bay Salomon.
Lòt travay Salomon te fè
(2 Kwonik 8.3-18)
15Wa #1 Wa 5.13 Salomon te fè moun fè kòve pou bati Tanp Senyè a ak palè pa l la, pou mete ranblè plen bò solèy leve lavil la ak pou bati gwo miray lavil la. Li sèvi ak moun kòve yo tou pou l rebati lavil Azò, lavil Megido ak lavil Gezè. 16Lontan #Joz 16.10; 1 Wa 3.1; 7.8 anvan sa, farawon an, wa peyi Lejip la, te moute atake lavil Gezè. Li pran l, li touye tout moun Kanaran ki te rete la, lèfini li mete dife ladan l. Apre sa, li fè pitit fi l la kado l lè li te marye ak wa Salomon. 17Salomon rebati lavil Gezè, li rebati lavil Bètowon ki nan fon an, 18lavil Balat ak lavil Tama nan dezè Jida a. 19Li #1 Wa 4.26; 10.26 rebati tout lavil kote yo te fè depo pwovizyon Salomon yo, lavil pou chwal li yo ak pou cha lagè li yo, ak tou sa li te vle bati ni lavil Jerizalèm, ni nan peyi Liban, ni nan tout lòt peyi ki te sou lòd li yo.
20-21#Det 20.16; Jij 1.21,27-29 moun Izrayèl yo te fin pran peyi Kanaran an pou yo, gen anpil nan moun ansyen mèt peyi a yo pat touye pou Bondye. Yo te kite yo rete nan peyi a. Te gen moun Amori yo, moun Et yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo. Se pitit moun sa yo Salomon te pran sèvi esklav pou fè kòve. Se sa k'ap fèt jouk jounen jòdi a. 22Salomon #Lev 25.39 pat fè okenn moun nan pèp Izrayèl la sèvi esklav. Li te fè yo sèvi sòlda, ofisye, chèf, kaptenn ak kòmandan cha lagè yo ak kavalye yo. 23Te #1 Wa 5.16 gen senksansenkant (550) fòmann gouvènè yo te nonmen reskonsab travay li yo. Se yo ki t'ap dirije moun ki t'ap travay yo.
24Pitit #1 Wa 3.1; 7.8 fi farawon an kite Lavil David la, l'al rete nan palè Salomon te bati pou li a. Se apre sa Salomon fè ranbleye pòsyon ki bay sou solèy leve a.
25Twa #Det 16.16 fwa chak lanne, Salomon te ofri bèt pou yo boule nèt pou Bondye ak ofrann pou di Bondye mèsi sou lotèl li te bati pou Senyè a, epi li fè boule lansan sou lotèl ki devan Senyè a. Se konsa, li te fè Tanp lan sèvi pou sa yo te bati l la.
26Wa #1 Wa 22.48 Salomon te bati yon bann gwo batiman lavil Ezyongebè ki te toupre Elat, bò lanmè Wouj #9.26: Lanmè Wouj: Nan tèks ebre a nou jwenn Lanmè Wozo yo. la, nan pòsyon tè ki pou Edon an. 27Wa #1 Wa 10.11; 22.48; 1 Kwo 29.4 Iram te voye kèk moun peyi l ki te bon maren pou sèvi ansanm ak moun Salomon yo sou batiman yo. 28Yo vwayaje rive peyi Ofi kote y'al chache sèz tòn lò pote bay Salomon.

Chwazi Kounye ya:

1 Wa 9: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an