Eli pati. Li jwenn Elize, pitit gason Chafat la, ki t'ap raboure yon jaden avèk douz pè bèf. Elize t'ap raboure dènye pòsyon tè a ak douzyèm pè bèf la lè Eli pwoche bò kote l. Eli wete gwo rad ki te sou li a, li voye l sou Elize. Menm lè a, Elize kite bèf li yo, li kouri al jenn Eli. Li di li konsa: — Kite m'al di manman m' ak papa m' orevwa anvan. Apre sa, m'a swiv ou. Eli reponn li: — Ou mèt ale. Men retounen wi. Paske pa bliye jès m'sot fè ou la? Elize kite Eli, li tounen tounen l, li pran yon pè bèf, li touye yo. Li pran bwa jouk yo, li limen dife, li kwit vyann lan. Li bay moun ki te avè l yo pou yo manje. Lèfini, li pati al jwenn Eli, li rete avè l.
Li 1 Wa 19
Koute 1 Wa 19
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Wa 19:19-21
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo