Wa Akab rakonte Jezabèl, madanm li, tou sa Eli te fè, ki jan li te touye tout pwofèt Baal yo. Jezabèl voye yon misyon bay Eli. Li voye di l: — Se ou, se mwen! Se pou bondye yo ban m pi gwo pinisyon ki genyen si denmen lè konsa mwen pa fè ou tou sa ou te fè pwofèt yo. Eli vin pè. Li kouri met deyò pou l sove lavi li. Li pran domestik li avè l, l'ale lavil Bècheba nan peyi Jida. Li kite domestik li a la. Eli menm mache tout yon jounen nan dezè a. Lè li rete, l'al chita anba lonbray yon ti pye bayawonn. Li mande lanmò. Li di: — M'pa kapab ankò, Senyè! Pito ou pran mwen kont fini. Mwen pa pi bon pase zansèt mwen yo. Li lage kò l anba pye bayawonn lan. Dòmi pran l. Antan l nan dòmi an, yon zanj vin souke l, li di l konsa: — Leve ou manje! Eli voye je l gade bò kote l, li wè yon ti pen plat tankou sa yo kwit sou chabon dife ak yon krich dlo bò tèt li. Li manje, li bwè. Lèfini, li kouche, li dòmi ankò. Zanj Senyè a tounen yon dezyèm fwa, li souke Eli, li leve l, li di l: — Leve ou manje, paske vwayaj la pral long anpil pou ou. Eli manje, li bwè. Fòs li remoute. Li mache karant jou, karant nwit jouk li rive sou mòn Orèb, mòn Bondye a. Lè li rive, li antre nan yon gwòt, li pase nwit lan la. Senyè a pale ak Eli ankò, li di li: — Eli, sa w'ap fè la a?
Li 1 Wa 19
Koute 1 Wa 19
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Wa 19:1-9
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo